Sa ka la ka wè l
Èske nou kapab di Ayiti se yon patat cho nan pla men kominote entènasyonal la ou byen Kominote entènasyonal la nenpòt jan li vire li tounen li di ki mele l ak bann pitit pitit esklav sa yo/Bosal sa yo ki te konprann nan kòmansman disnevyèm syèk la, yo te kapab oryante listwa limanite. Yo te kapab wete privilèj nou menm blan nan men nou.
Paske lè yo te kwape lame fransè nan Sendomeng ki te youn nan pi gwo lame epòk sa sou latè, ansyen esklav sa yo/Bosal yo te konprann yo te jwenn ak tou bout nou. Se te bliye kouman solidarite nan mitan sousè/piyajè yo solid.
Se pa pou granmesi “Les grands/les exploiteurs s’entendent toujours” contre les petits(les exploités).
Jean de La Fontaine :”la raison du plus fort est toujours la meilleure”. La main qui donne est au-dessus de celle qui reçoit.
Jodi a tout kominote entènasyonal la ap fè Ayiti ansanm ak pèp Ayisyen jwe Yoyo. Yo defini wòl yo pou chak aktè sou teren an, pandan nou menm n ap rantre nan twou pi fon. Konsèy Sekirite Nasyonzini, Konsèy Pèmanan OEA, Gwoup espesyal Caricom apre Ikrèn pa gen peyi sou latè ki resevwa plis delegasyon gwo palto pase Ayiti.
Pou ki rezilta ?
Senpman sa pèp la konstate epi l ap viv nan lespri l ak nan kò l : bandi yo vin pi vyolan, pi awogan, moun plis pa kapab rete lakay yo, grangou a vin tounen la faim total kapital paske pri tout sa moun bezwen pou manje vin pi chè pandan blan yo ap paweze, ap monte desann. Sèvis Leta yo vin pi an degraba. Kounye a èske w kapab pale de yon lopital Leta k ap bay sèvis. Dayè menm lopital prive yo, pou pa rele yo lòt jan, yo menm tou depafini.
Pou koze ledikasyon se bouch be, fèmen bouch. Nou mande ak ki nivo konsyans mouche yo rele Nesmy Manigat kapab pale de Ane akademik 2022-2023 ? Ki bilan sou plan nòm entènasyonal li kapab bay pou montre Ayiti te respekte yo ? Chèch kou je Nesmy Manigat chèch tankou lòt Manigat èske estrikti Ministè a kapab siyen okenn otorizasyon pou bay yon elèv ou byen yon etidyan ki ta deside rapousib etid li nan peyi etranje ? Ki valè siyati Minis la genyen bò kote parèy li yo nan nivo entènasyonal ? Sa bon pou tout paran konnen pou yo pa gaspiye tan ak lajan yo nan prepare pitit yo pou voye yo etidye lòt bò dlo. Ki jounalis ki oze fè Nesmy kesyon sa a ?
Pi gwo toumant nou, pi gwo kwa n ap pote nan moman sa se ensekirite a. Si se pa nan betiz blan t ap pase nou, si se pa jwèt mesyedam blan yo t ap fè ak nou, olye yo te kontinye ap ogmante Caïd/bandi yo nan zòn estratejik si plan Batay newokolon yo pat nan lojik ranfòse pozisyon yo sou teren an, si yo pat nan politik fè laperèz donnen ni nan kò nou, ni nan lespri nou chak jou piplis, yo pa ta blije fè tankou Ikrèn bonbade nou, plen kòtòf lestomak nou ak gwo zam fann fwa. Men menm sa nou kòmande lakay yo ak lajan nou, yo ta livre nou yo epi yo ta mete yon til òsyè sou yo pou nou, yon fason pou n te kapab fè fas kare ak Caïd yo/bandi yo. O eskizem frè ak sè m yo. Mwen bliye se Caïd/bandi yo se pou mèt blan y ap travay.
Nou ka konprann nan peyi Ikrèn lagè k ap fèt la se pou ogmante pwisans yo sou Larisi se nòmal pou yo pote boure ak li. Lakay nou travay Caïd/bandi yo se ogmante entimidasyon, touye tout volonte pou pèp Ayisyen an mande règleman, pou pèp Ayisyen pa genyen kontwòl richès li, pou l kapab rive viv fason l vle dapre kilti l ak byen li posede. Tout demach sa yo pa siye kole ni ak politik, ni ak enterè, ni ak lojik dappiyanp blan. Konsa, y ap pase nou nan betiz, y ap imilye nou, y ap fè toubiyon ak nou. Pandan genyen fanm ak gason Ayisyen blan pèmèt jwenn zo ki dakò rantre nan tout plan, tout demach imilye peyi a ak tout pitit li yo.
Tout misyon diplomatik, tout ale vini gwo palto, gwo levit se pou fè nou pèdi plis tan toujou. Ni Nasyonzini, ni CARICOM k ap fè tout monte desann sa yo sou teren an la p ap akouche anyen andiplis. Se Caïd/bandi yo k ap kontinye fè dyapòt ou byen dekabès. Nou kapab di y ap fè tan pase jouk yo rive jwenn tout sa yo bezwen pran nan peyi a. Nou poko di dènye Mo nou. Je nou klere. E se pou sa nou di e nou kwè : Sa ka la, ka wè l.
Marcel Poinsard Mondésir
14/07/2023.-