Opinions

Zafè m pa zafè w

Si zafè m pa zafè w, kòman w vle pou zafè w, se zafè m. Kòm tout zafè yo pa menm, donk  tèks sa, se pa pou pale de gwoup mizikal ki ap fè moun danse kounye an, men de preferans, pou denonse tout move zafè nan zafè ki ap pase nan Repiblik peyi Dayiti akoz yon seri de moun ki rele tèt yo elit.

Paske zafè pa yo, se kidnape moun, chèche lajan sal nan fè tout move zaksyon ki pou pèmèt yo, finalman al pran plezi kay vwazen nan bwè tafya, fè sèks ak jenn ti fi ak ti gason (sa yo rele krèy lan), epi fimen ak vann dwòg. 

Se bagay sa yo ki enpòtan pou yo. Se bagay sa yo ki fè yo santi yo gran.  Pwoblèm moun ki ap soufri nan tout kote nan peyi an pa regade yo. Depi lontan se te toujou konsa. Zafè kominote, koze pwojè sosyal nan peyi an tankou: edikasyon, sekirite, travay, ak sante pou ayisyen p at jan m zafè yo. 

Lè yo ap mache fè bwi nan reyinyon politik, ak nan radyo, se moun ki pa konnen yo ki al panse ke se zafè peyi ke yo ap regle pou chanje vi moun pòv. E, se pa politik ki fè yo vinn gen defo konsa. Se depi yo jenn ke yo koken konsa. Se tèt yo ak ti klan zanmi yo sèlman ke yo konnen. 

Yo tèlman koken, menm si yo ta ale nan yon bal dyaz ke yo rele Zafèm lan epi mizisyen yo ap jwe bèl mizik, se pa vrèman sa ki ap enterese yo. Anpil fwa, se kou ke yo ap siveye pou yo bay. Men m zafè klere bouk sentiron nan bèl mizik bolero ke yo pa vin n regle. 

Zafè byen danse sa yo, se kesyon pou ansyen meloman ki fanatik bon konpa. Se zafè tou bon flannè ki renmen mizik ki akonpaye ak yon bèl ti gengenn ki rete nan yon sèl kawo ap fè zafè. 

Se pa zafè mawowo, zenglendo, abolocho, bandi legal tankou elit kowonpi sa yo ki pa vle bay peyi an yon chans pou l avanse.

Zafè pa yo, se tann pou yo bay kou deta, kout ba nan move eleksyon blan koken parèy yo ap prepare pou moun san karaktè vin fè move zafè nan kès Leta.

Se sa ki fè, pandan moun sa yo ap rete tann koze move eleksyon, yo poze sou tout sa ki ap pase andedan peyi an. Zafè moun yo ap touye, kidnape, ak vyole. Zafè ti moun ki pa k ab ale lekòl. Se pa biznis pa yo. Paske pitit yo ak tout rès fanmi yo p ap viv an Ayiti. Zafè peyi ki finn kraze an, se zafè pa w. Se pa zafè pa yo.

Men, mwen ap di abolocho sa yo, zafè yo si nan tout zafè move eleksyon sa yo, dilatwa blan ap fè ak klas politik e ekonimik yo, si yo pa vle wè peyi Dayiti ladan l.  Lanmè an bèl yo mèt kontinye vwayaje nan siyen tout move akò akwòkò, mal akòde nan akòdeyon yon move mizisyen ki chak jou ap desakòde peyi an davantaj.

Men jou ale, jou vini,  jou sa, ap gen pou gen rèl kay Makorèl.  Gen yon jou ki ap vini pèp sa yo ap fè soufri de tout move zafè yo, ap gen pou ba yo afeksyon.  Afeksyon sa ap gen pou ba yo anpil fiksyon. 

Donk, tèks sa se pa zafè pèsonèl ke m ap regle ak pèsòn. Men, se pito zafè pèp ayisyen ke m ap regle ki, se denonse ou menm ak lòt lan ki toujou ap regle zafè lajan sal nan pouvwa ilegal bandi legal yo ap dirije depi plizyè ane.

Pèp ayisyen, zafè w si w pa konnen sa pou fè ak opòtinis sa yo ki nan tout move zafè.

Mwen menm, tankou Tabou Combo ta di: “Kite m fè zafè m” mwen pa vinn anmède  pèsòn wo”.

Prof Esau Jean-Baptiste 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.