ACTUALITÉS

Mesaj Lovelie Stanley NUMA PDG Impulse Webmedias pou katriyèm anivèsè a

22 jen 2019 – 22 jen 2023 deja fè 4 lane depi Impulse Webmedias ap sèvi kominote a. Nan okazyon an, mwen vle fè nou konnen ògàn près miltimedya sa rankontre anpil difikilte men nou toujou jwenn fòs ak kouraj pou nou rete djougan. Mwen vle pwofite katriyèm anivèsè sa, pou m di Bondye mèsi paske li mete yon ekip jèn solid sou wout mwen. Se gras ak sakrifis yo ki fè n ap kenbe jiskaprezan.a

Sepandan, pa rapò ak pwojè Impulse Webmedias a, mwen kapab di mwen poko satisfè paske nou gen anpil travay nou vle fè. Travay sa yo mande anpil resous sou tout fòm pou nou kapab atenn objektif nou.

Se poutèt sa, non moman n ap selebre 4 lane anivèsè Impulse Webmedias nou lanse yon apèl ak tout moun ak tout enstitisyon ki kapab pou sipòte nou nan fason yo kapab pou nou kapab rive fè sa nou ta renmen fè nan benefis sosyete a.

‘’L’éducation par l’information’’ se chwal batay nou. Nou chwazi eslogan sa, se paske nou konnen popilasyon an merite edike a travè enfòmasyon n ap ba yo. Se pou sa, nan Impulse Webmedias nou toujou pran swen pou nou trete enfòmasyon nou yo kòm sa dwa. Se yon travay nou toujou fè selon tout prensip ki di kouman metye a dwe fèt.

Nou rekonèt ak respekte dwa tout moun genyen pou yo pale men nou pa antre nan lojik vann sosyete okenn moun. Nou la pou nou fè travay nou san paspouki nan enterè kominote a.

Mwen vle salye yon fason espesyal tout moun ki nan estaf la ak sila yo ki te la avèk nou men ki ale. Genyen ladan yo, gras ak enspirasyon yo jwenn nan Impulse Webmedias, ki rive fè medya pa yo. Nou felisite yo pou kontribisyon yo nan bay kominote a bon jan enfòmasyon. Men tou, mwen vle atire atansyon popilasyon ayisyèn nan lè nou te pran nesans pat gen tout medya anliy sa yo.

Youn nan bagay ki fè fyète nou, se paske malgre gen tout medya anliy sa yo Impulse toujou kenbe flanbo a. Nan sans sa, nou felisite tout moun ki Ayiti, Etazini, Kanada, Lafrans, Guyàn, Matinik, Gwadloup, Chili, Brezil ak Repiblik Dominikèn pou n site sa yo sèlman ki toujou ap suiv epi fè Impulse Webmedias medya pa yo. Chapo pou nou!

Yon remèsiman vrèman espesyal ak tout kòmanditè nou yo: BRH, DIGICEL, SOGEBANK. Mèsi ak tout moun ki sipòte nou pou nou make katriyèm anivèsè sa tankou Majistra Wilson Jeudy, Enjenyè Madsen Estimé, FNE, ansyen Depite Deus Deronneth, OPC, Ulrick Jean-Claude PDG IFOS, kontab Tchavelt Dareus ak tout lòt moun ki kontribye yon fason oubyen yon lòt nan avansman Impulse Webmedias.

Mèsi ak tout konfrè ak konsè ki toujou ap veye sou nou sitou lè nou pibliye yon atik. Travay nou pa gen pri.

Jodi a, nou vle anonse nou gen anpil chanjman n ap pote nan Impulse nan lide pou nou kapab ba w pou pi bon sèvis. Anvan lontan, nou pral gen plizyè emisyon sou sikilasyon woutyè, dwa timoun ak ribrik pòdkas sou divès domèn tankou sante mantal k ap lanse sou tout platfòm Impulse yo. M ap mande nou rete fokis.

N ap travay chak jou pi plis pou nou amelyore kalite pwodiksyon nou yo.

Pase yon bon katriyèm ak tout ekip Impulse Webmedias pandan n ap kontinye suiv nou sou tout platfòm nimerik nou yo.

Facebook: Impulse WebMedias (https://web.facebook.com/impulsewebmedias) Twitter: https://twitter.com/IWebmedias)

Instagram: (https://instagram.com/impulsewebmedias )

YouTube: (https://youtu.be/KJsaH-t2bFo),

TikTok (https://vm.tiktok.com/ZM2Uq42nw/),

Podcast nou: (https://anchor.fm/impulse-webmedias) Swiv nou sou : www.impulsewebmedias.com

Viv yon près san fòs kote !

Viv Impulse Webmedias

Yon lòt Ayiti posib

Lovelie Stanley Numa

PDG IWM

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.