EDUCATION

Minis Nesmy MANIGAT rankontre plizyè dizèn Direktè lekòl nan zòn ki pi difisil yo.

Minis Edikasyon nasyonal la,Nesmy Manigat rankontre vandredi 20 janvye 2023 a ak plis pase yon karantèn enspektè lekòl, Direktè lekòl piblik,tankou prive kap travay nan plizyè zòn ki nan mitan lavil ou andeyò lavil ki anba dominasyon gwoup ame. Se pwemye rankont Minis Edikasyon nasyonal la òganize nan ane 2023 a ak ajan Edikatif sa yo kap travay nan zòn sa yo tankou, Pènye, Fesa, Swason, Gantye, kwadèboukè, Kanaran, Koray, Site solèy, Sibè, Divivye, Damyen, Matisan,Gran ravin,Lasalin ak kwadèmisyon.

Enspektè ak Direktè lekòl sa yo te pale avèk ensistans sou vyolans zam ki rete pi gwo problèm yo depi kèk tan. Men tou,nan anpil lòt zòn yap fè fas ak pwoblèm asenisman, san yo pa bliye mansyone ka anpil paran ki pa anmezi pou pèmèt timoun yo reprann chimen lekòl. Se pou sa, enspektè ak Direktè lekòl sa yo pat sispann solisite akonpayman leta a nan lekòl yo, pou ede paran ak elèv yo.

Minis Manigat te salye detèminasyon tout ajan Edikatif yo ki kontinye brave danje tout kalte nan lide pou pèmèt lekòl yo fonksyone. Nan okazyon sa, minis Manigat te salye responsab lise Jacques Roumain nan Gran ravin ak lise Jacques 1er nan Kwadèboukè. Après plis pase yon lane peripesi, daprè sa Minis la fè konnen, depi lendi 9 janvye 2023 a, elèv ak anseyan tounen nan lise Gran ravin nan. Pou jounen vandredi 20 janvye a,direksyon lise a akeyi 300 elèv. Nan kwadèboukè lise Jacques 1er poko gen efektif,men depi 9 janvye pase a elèv ak anseyan yo rekòmanse frekante lekòl la.

” Kenbe timoun yo lekòl se yon konba”, se sa minis Manigat rapouswiv pandan li di MENFP pap sispann fè jefò pou respekte prensipal misyon li ki se fasilite tout timoun ale lekòl nan bon kondisyon.

” Youn nan pi gwo defi ane sa a, pou plizyè distri eskolè nan rejyon zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak nan lòt zòn yo, kenbe timoun yo lekòl, se yon gwo defi paske si timoun yo rete nan lari a, sitiyasyon an ap vin pi grav toujou”, se ak mo sa yo minis Nesmy MANIGAT te mete bout nan rankont li ak Direktè yo vandredi 20 janvye pase a.

.

Roubens Vil
Vilroubens@gmail.com

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.