SPORT

Qatar 2022: Japonè yo trase tout kalite kata sou 2 gwo chanpyon nan mond foutbòl lan

Pou kòmanse, nan istwa espò entènasyonal, moun plis konnen Japon nan zafè “Arts matiaux.” Men, pa plis nan  kesyon foutbòl.

Fòk nou di se nan lane 400 ak 500 yo ke karate te pran nesans nan peyi Japon. Se sa ki fè karate fè pati de youn nan zafè “arts martiaux” ki pi ansyen yo pratike nan peyi Japon.

Kidonk, kote kwonikè espòtif yo ap fè kòmantè sou ekip ki kapab chanpyon nan koup dimond foutbòl lan, yo pa menm wè Japon nan dezyèm tou. Alewè pou yo ta rive fè anpil pale de Japon. Si se te karate, wi. Men pa nan zafè foutbòl. 

Senkantan pase, Japon pat vrèman nan zafè foutbòl pwofesyonèl. Japon kòmanse nan zafè sa nan ane 80 yo. E nan ane 1990 yo, li te vin yon fòs nan zòn Azyatik la.  Se sa ki pèmèt yo depi 1998 ak 2022 yo patisipe nan 7 dènye koup dimond ki fèt yo.

Mwen ap pwofite pou m ajoute ke Japan se youn ou si se pa sèl peyi ki pa nan kontinan amerik la ki te jwoin n envitasyon nan ane 1999, 2011, 2015 ak 2019 pou patisipe nan konpetisyon peyi Amerik di Sid yo ki rele Kopa Amerika.

An nou retounen nan koup di mond lan. Ane sa, pou 22e koup di mond ki ap fèt Qatar lan, nan yon poul ki gen 4 ekip, Japon te tonbe nan mitan 2 gwo moso ki se 2 champyon mond lan nan zafè foutbòl. Mwen vle pale de Almay ak Espay.

Non sèlman peyi Almay deja òganize plizye koup di mond, men li chanpyon 4 fwa nan chanpyona sa. An pasan, se Almay sa ki te pase ekip Brezil ki chanpyon 5 fwa deja, yon rakle de 7 a 1 nan koup di mond ki te fèt lakay peyi Brezil nan lane 2014. Mwen pa kwè nou gentan bliye match sa.

Epi gen Espay li menm ki te òganize koup di mond nan ane 1982. E li te chanpyon nan konpetisyon sa ki te fèt nan peyi Afrik di Sid nan peyi ansyen prezidan Afriken,  Nelson Mandela.

Mwen fè tout istwa sa, se pou m di, pa gen twòp moun ki te wè Japon nan 16e de final. Menm si tap gen meyè 3e nan gwoup lan, gen anpil kwonikè espòtif ki t ap prefere bay plas sa ak peyi Kostarika ki, an 1990 te elimine nan 16e de final nan peyi Itali, ak 1/4 de final an 2014 nan peyi Brezil.

Se ki vle di pat gen twòp mounn ki te pran ekip Japon an twòp o serye sitou nan yon poul ki gen Almay ak Espay. Men ane sa, farin n lan sanble pat vini nan menm sak lan.

Pou kòmanse, Japonè yo rale tout kata yo sou teren foutbòl lan, epi pase peyi ki gen yon palmarès de chanpyon 4 fwa, yon kal de 2 a 1.  Tankou Maurice Sixto ta di: Japonè yo bay Alman yo, yon kal pou listwa.

Gen moun ki te k ab panse se te chans, sitou pou dezyèm match yo, Japonè yo ta pwal pèdi sou yon eskò de 1 a 0 devan peyi Kostarika.

Kòm Espay te deja pase Kostarika yon rakle de 5 a 0, donk ekip de antrenè Luis Enrique an ta pwal, sitou aprè match nil ke yo te fe ak Lamay, okipe tèt gwoup lan. Swuivi de Kostarika ak Japon 3 pwoin pou 2 match ke yo te jwe. Epi Lamay kite denye nan poul lan ak 1 grenn pwoin. 

Nan sans sa, tout mounn te gen chans pou yo avanse nan gwoup sa. Men, kwak li te gen 3 pwoin, li te yon ti jan  pi difisil pou Japonè yo paske yo te gen pou jwe denye match yo ak Lespay. Match nil, petèt. Men, defèt p at ladan l 

E byen nan denye match yo kont peyi Lespay, Japonè yo te pran desten yo an men. Yo pat vinn jwe nil. Yo te fè sa yo te gen pou yo fè. Yo rele kata. Yo trase kata. E rive bat peyi Lespay 2 a 1 nan peyi Qatar kote koup di mond lan ap fèt.

Avèk viktwa sa, non sèlman Japonè yo okipe tèt gwoup lan, men Almay ki p at k ab pase Kostarika yon rakle, rive jwenn eliminasyon l nan gwoup lan. 

Èske se premye match lan ke Alman yo te pèdi kont Japon an ki elimine Almay ou dènye match kont Kostarika an? Ou byen viktwa Japon kont Espay lan? Kèlkeswa repons lan, Alman yo elimine nan 22e koup di mond Qatar lan. Yo pa pase nan faz final yo. Si gen yon bagay ke yo ka fè pou kounye an, se prepare valiz yo, epi rache manyòk yo.  Kite peyi Qatar. 

Remèsiman espesyal ak Donald Devilme ki te fè komantè sa sou Facebook kote li te ekri: “Japon trase Qatar sou 2 favori gwoup la. E se de komantè sa ke m te enspire imedyatman pou m te ekri atik sa.

Pwofesè  Esau Jean-Baptiste 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.