EDUCATION

Ayiti-Edikasyon : MENFP konfime angajman tout aktè yo pou pèmèt timoun yo retounen lekòl.

Nan kad yon reyinyon ki fèt plizyè fwa nan semèn nan,direktè depatmantal edikasyon an fè konnen,lendi 14 oktòb 2022 an,anpil biwo distri eskolè nan peyi an ak plizyè lekòl reprann aktivite yo. Nan rapò direksyon depatmantal Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la konfime angajman ak tout aktè yo,paran,pwofesè,direktè lekòl, responsab kominote,nan tèt kole ak ministè a pou pèmèt timoun yo reprann chemen lekòl toupatou nan peyi a.

Daprè ministè a, se depatman Nip ki bay pi bèl egzanp, sòti nan 127 lekòl ki te fonksyone semèn pase,li ogmante a 249 lekòl ki reprann aktivite yo. Pousantaj lekòl ki tap fonksyone semèn pase an soti nan 17% li pase a 35 % anviwon. Depatman Sant, li sòti nan 7% li pase a 15% anviwon. Depatman Lwès,sitou nan Lagonav,Gratye,Vyalè se 9% ki fonksyone. Depatman Sid 235 lekòl fondamantal piblik ak 22 lise rive travay nan plizyè komin anwetan Okay.

Minis Edikasyon nasyonal, pwofesè Nesmy Manigat salye travay direktè depatmantal yo ak tout lòt patnè pou fè respekte dwa timoun yo pou ale lekòl. “Se vre nan mitan gran Vil yo aktivite lekòl la poko ka pran fòs jan nou ta vle a,men sa kòmanse nan enterè ti moun yo” daprè sa ministè a fè konnen.

Toutfwa ministè a di mobilizasyon pou pèmèt pouswit aktivite lekòl yo ki paka tann, men kap fèt tipa tipa jan Minis Manigat te swete a.

Roubens Vil

Vilroubens@gmail.com

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.