EDUCATION

Minis Nesmy MANIGAT soti nan “lekòl paka tann” rive nan “lekòl tipa tipa”

Dimanch 2 oktòb 2022 an, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ( MENFP),di li te pale sou dosye lekòl la nan konsèy gouvènman ki te fèt la. Ministè Edikasyon nasyonal di lap pran an konsiderasyon tout apèl enstitisyon edikakatif la ak lòt sektè kap mande bon jan sekirite pou pèmèt deplasman popilasyon elèv ak paran yo pou rantre lekòl la.

MENFP di li rekonèt premye semèn nan kalandriye eskolè a ap vrèman difisil pou relanse aktivite lekòl la anndan peyi an. Se konse Ministè a konprann rantre lekòl la ap fèt tipa tipa, pandan li soulinye gouvènman an ap fè tout sak posib pou tabli bonjan sekirite nan peyi a.

“gouvènman an pran angajman, yon lòt fwa ankò pou li kreye bonjan sekirite, pandan lap pran lòt dispozisyon pou fasilite deplasman popilasyon an, sitou elèv site solèy yo” se sa gouvènman an pwomèt.

Ministè a pwofite mande tout moun nan popilasyon an pou respekte lekòl ki se byen piblik ki merite bonjan proteksyon, paske se tout sitwayen ki dwe angaje yo nan defann byen piblik yo “Dwa timoun yo genyen pou yo ale lekòl nan kèlkeswa sikonstans lan” se deklarasyon Ministè a fè pandan li fè konnen dwa sa konsakre konvansyon Ayiti siyen.

Lekòl paka tann poutan ti moun matisan,vilaj de dye,site solèy,kwadèboukè,pa janm bouke chita tann lekòl kap tann yo. Tout fwa yo espere ak lekòl tipa tipa,lekòl la ap rive jwenn yo.
Lekòl tipa tipa eske sa vle di pou paran yo voye ti moun yo al mouri nan lari an, kote chak jou bandi ak gwo zam pa janm sispann simen latwoublay nan mitan popilasyon an?

Roubens Vil
Vilroubens@gmail.com

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.