ACTUALITÉS

Gonayiv-Pwotestasyon: Yon moun mouri, yon lòt blese ak bal

Nan kad mouvman pwotestasyon kap fèt Gonayiv, jounen madi 27 septanm nan yon moun mouri epi yon lòt blese anba bal nan blòk Gatwo 15.

Moun ki mouri a se yon chofè taksi moto ki tap tante janbe yon barikad. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Impulse Web Medias, se paske chofè moto a tire sou manifestasyon an, yon manifestan pran ba l epi yon lòt manifestan riposte, tire chofè taksi a.

Manifestan ki pran bal la rele Olvens Lambert, li lopital pou l pran swen ka l nesesite.

Olvens Lambert se manifestan ki blese a

Kadav la toujou atè nan Gatwo 15, jij depè ak lapolis poko rive sou plas.

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.