ACTUALITÉSSECURITE

Ayiti-Ensekirite: MENFP denonse epi kondane zak kidnapin ki fèt sou anplwaye li yo.

Nan yon komike ki sòti jounen lendi 26 septanm 2022 a, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ( MENFP),di li kondane zak kidnapin ki fèt sou sis ( 6) anplwaye li yo nan sèvis pèman Ministè a pandan wikenn pase a nan Pòtoprens. Ministè a tou pwofite denonse tout zak ak menas lekòl yo ap sibi nan peyi a.

Anplwaye yo te mobilize jounen dimanch 25 septanm lan pou pèmèt Anseyan nan lwès yo rive jwenn chèk yo nan tout lekòl ki nan rejyon an.

3 nan anplwaye sa yo rive sove gras ak èd lapolis, MENFP mande prese prese liberasyon 3 lòt anplwaye yo ki te mobilize pou bay sèvis ak anseyan nou yo.

MENFP di klima ensekirite a ka gen gwo konsekans sou antre lekòl.

Nan fason Ministè a wè sitiyasyon an vin malouk pandan jou sa yo,menas ki kontinye ap fèt sou lekòl,biwo Ministè,Direktè,Ministè an voye apèl li bay popilasyon an,epi mande sektè Edikatif la pou proteje lekòl ki se espas travay anseyan ak ti moun nou yo ki se avni peyi a.

Ministè a raple gen anviwon 30 lekòl ki deja sibi atak e menm rive pèdi materyèl yo tankou òdinatè,liv,founiti eskolè,ban,achiv ak lòt materyèl toujou kite la pou sèvis ti moun yo. Tankou depo manje pou kantin eskolè yo ki piye,Ministè a prezante bay tout viktim lekòl yo.

Ministè a mande tèt ansanm,pou nou proteje lekòl nou yo. Paske nou tout nou gen yon sèl responsabilite nan enterè ti moun yo ak sosyete a.

MENFP di zak kidnapin ki fèt sou anplwaye li yo ka gen konsekans sou planifikasyon antre lekòl la nan dat 3 octòb.

Roubens Vil
Vilroubens@gmail.com

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.