EDUCATION

Ayiti-Edikasyon: Plis pase yon ventèn lekòl atake,16 nan Latibonit.

Nan yon reyinyon ki fèt ayè lendi 19 septanm lan,ant Ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ( MENFP), minis Nesmy MANIGAT,Direktè jeneral Ministè a Dr Meniol JEUNE,Direktè depatmantal Edikasyon yo, ak kòdonatè DDE a,Hérold LATORTURE pou diskite sou antre lekòl la ak vyolans ki fèt sou lekòl yo.

Nan chita pale sa ki te fèt ant reprezantan Ministè a, yo pale sou lekòl ki sibi atak nan peyi a. Otorite Ministè a pwomèt lap akonpanye lekòl sa yo pou pwochen antre klas yo ki nan 2 semèn ankò.

Minis Nesmy MANIGAT ak Direktè jeneral Ministè a di yap tann yon rapò konplè nan men direksyon depatmantal Edikasyon an DDE, pou fè yon evalyaston pou ka gen swivi ki fèt pou repare lekòl sa yo.

Direktè depatmantal nan Latibonit, Nòdwès, Grandans, tabli yon bilan sou nivo vyolans ki fèt nan lekòl piblik ak prive nan peyi a.

Minis Nesmy MANIGAT enstwi Direktè depatmantal yo sou yon kanpay kominikasyon pou pwoteje lekòl ki se byen timoun yo nan kominote a. Epi pwoteje espas anseyan yo ap travay tou. Direktè yo la pou vizite tout moun ki gen lekòl ki viktim zak vyolans nan jou ki pase yo.


MENFP prevwa òganize yon lòt reyinyon mèkredi kap vini la pou prepare rantre klas yo pou enspektè epi pwofesè yo.

Roubens VIL

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.