ACTUALITÉSPOLITIQUE

Nòdwès/Pòdepè : Divès pati Politik nan depatman Nòdwès kritike konpotman Anjan BLTS ki tire sou manifestan yo.

Ansanm reprezan pati politik nan depatman Nòdwès la  ki se manm opozisyon an, ki tap foule sòl site kapwa lamò a pandan 3 jounen manifestasyon nan vil Pòdepè ,  reyaji aprè Ajan BLTS yo kraze anba  koutzàm ,kout baton 2 dènye Jounen manifestasyon pasifik popilasyon Nòdwès t ap òganize nan Pòdepè jounen madi 06 septanm ak jounen mèkredi 07 septanm 2022 an kont lavichè, grangou, mizè ansuit pou egzije yo retoun  san Kondisyon 2 bato sa yo nan Pò Pòdepè a : Miss Lilie ak El Shaddaï  gadkòt, Ajan BLTS ak DCPJ te vin pran  nan Pò Pòdepè a epi rantre ak yo Pòtoprens akoz yo te dekouvri yon kantite zam ak minisyon nan  bato sa yo  ilegal ki te soti nan peyi Etazini mwa pase yo.

Manif  pasifik saa ki t ap dewoule san vyolans, pankat , ak branch bwa nan men yo  malgre absans fòs lòd yo, te oblije kraze , akoz Ajan BLTS yo te tonbe lage katouch sou manifestan yo zòn Katenaj nan Vil pòdepè.

 Anpil moun  blese ak bal pami yo yon jenn gason 17 lane, Étienne Fernandinio.

Gen lòt manifestan ki kouri al lage tèt yo nan lanmè pou sove lavi yo anba kòlè Ajan BLTS yo.

Daprè inisyatè òganizatè manifestasyon an,Me Kerly Dubrus kòdonatè FPP, Me Cadet Ductan kòdonatè AAA, ki fè konnen, « si tout fwa, premye minis defakto a, Dr Ariel Henry pa fè sa popilasyon an mande l pou fè a ,ki se renmèt demisyon se pral dezobeyisans Sivil ».

Nap soulinye divès , Pati Politik Òganizatè manif lan, ASO( Alternativ Sosyalis),FPP( Fwon Patriyotik Popilè) AAA (Ayiti An Aksyon), FÒSNOU ( Fos NòdwèS Ini), Tèt kole Tipeyizan Ayisyen (branch Nòdwès)pitit Desalin,Fanmi Lavalas,PONT,pou n site sa yo sèlman, mande pou pèp Ayisyen pa pran nan pwovokasyon  kontinye limen flanbo mobilizasyon an  paske daprè sa yo deklare apati dimanch  11 septanm 2022, fòk yo rive chante fineray, PM defakto a, Dr Ariel Henry ak tout  Akò dezakò li an.

Robens Aristide

Impulse Web Medias

Nòdwès/Pòdepè

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.