ACTUALITÉS

Nòdwès / Pòdepè : Gwo manifestasyon nan vil Pòdepè pou mande PM Ariel Henry retounen bato yo nan Pò a .

Vil Pòdepè barikade depi nan lannwit dimanch 04 pou louvri 05 septanm 2022 an.
Nan moman, Kawotchou ap boule. Anwo pa monte ,anwo pa desann.Tout bank ak tout Biwo Leta fèmen pòt yo pou pwoteste kont desizyon otorite yo nan Pòtoprens pran pou sezi 02 bato: Miss LiLie ak EL Shaddaï ki fè trajè Pòdepè /Miami epi rantre ak yo Pòtoprens.

02 bato sa yo : Miss LiLie ak El Shaddaï, Lapolis ak Brigad Siveyans Ladwàn te dekouvri anndan yo mwa pase yo zàm ak Katouch ilegal.
Malgre te gen yon desizyon Jistis ki te soti anfavè 02 bato sa yo, sa pa anpeche ajan BLTS, DSPJ ak gadkòt remoke 2 bato yo nan nan lannuit dimanch 04 septanm epi rantre ak yo nan Pòtoprens.

Popilasyon Pòdepè a, ankòlè, pran lari ak pannkat, branch bwa nan men yo pou mande Premye Minis defakto a,Doktè Ariel Henry, retounen bato yo nan Pò Pòdepè prese prese. Paske se nan pò a popilasyon Pòdepè a fè Edikasyon pitit yo; sinon yap lòk zòn nan se lopital sèlman k ap gen chans fonksyone nan vil la.

Nap raple se yon manifestasyon ki fini san ensidan malgre pat gen prezans lapolis pou te sekirize manifestan yo.

Aristilde Robens

Impulse Web Medias

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.