POLITIQUE

Nòdwès : Fwon Patriyotik Popilè (FPP) selebre 1è anivèsè Akò Montana jounen madi 30 Out 2022 a

30 Out 2021 – 30 Out 2022 deja fè yon lane depi yon gwoup aktè politik te siyen Akò Montana a. Nan okazyon 1e anivèsè Akò a, Fwon Patriyotik Popilè (FPP), Altènativ Sosyalis (ASO), TètKole Tipeyizan Ayisyen (branch Nòdwès) ak òganizasyon debaz ki te soti nan 10 komin depatman Nòdwès la òganize yon sitin devan biwo delegasyon an nan vil Pòdepè, jounen madi 30 Out 2022. Responsab òganizasyon sa yo renouvle atachman yo ak Akò Montana. Selon yo menm, se sèl zouti ki kapab retire Nasyon Ayisyèn nan nan Eta l ye jounen jodi a.

Apoléon Trompé, Mèt Kerly Dubréus Pwofesè Léveillé Wislet ak Pierre Joseph ki se prensipal òganizatè sitin nan deklare Peyi Dayiti p ap dirije. Yo ankouraje pèp Ayisyen an kontinye limen flanbo mobilizasyon an jiskaske Ariel Henry kite pouvwa a.

Responsab sa yo ki te reprezante divès pati politik ki te siyen Akò 30 Out la pwofite okazyon an pou denonse fason kominote entènasyonal la foure kò l nan zafè peyi a. Yo kritike gouvènman defakto Ariel Henry a ki p ap regle anyen serye nan enterè peyi a. Dirijan politik yo kritike Gouvènman an ki mete popilasyon ayisyèn nan nan yon move sitiyasyon ak lavi chè a, ensekirite, ak anpil lòt pwoblèm pou n site sa yo sèlman.

N ap soulinye manm FPP yo ak tout lòt òganizasyon ki te reponn prezan nan sitin nan kase randevou nan jou k ap vini la yo nan yon seri mobilizasyon san kanpe pou mande PM Ariel Henry retire kò l sou pouvwa a.

Aristilde Robens

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.