Èske se vre dyaspora an pa konpran n sa ki ap pase an Ayiti?
San ke m pa vle rantre nan yon polemik ant Ayisyen ki ap viv an Ayiti ak sa yo ki ap viv nan dyaspowa, an nou fè yon ti klarifikasyon sou kesyon sa ki vini yon obsesyon pou yon pakèt entèlektyèl nan peyi an.
Gen lontan ke m ap tande bagay sa nan bouch mesye dam an Ayiti yo. Nenpòt ti diskisyon ke w ap fè ak yo sou pwoblèm peyi Dayiti, yo di w, dyaspowa an pa konpran n sa ki ap pase nan peyi an. Kòm se prèske toujou konsa konvèsasyon yo toujou fini, ansanb, an nou eseye konprann kesyon an.
Anvan tranbleman de tè 2010 lan, rechèch yo te bay ke 85% resous zimèm peyi Dayiti ap viv a letranje. Nan sans sa, pa gen twòp ki rete. Se sèlman 15% ki te rete an Ayiti.
An nou di ke nan 15% ki te rete an, gen ladan yo ki mouri nan tranbleman de tè an. Epi nan rès lan, sa ki gen viza yo te oblije kite peyi an imedyatman. Ladan yo genyen ki te retounen. Men, ki pat retounen. Donk baze sou sa, chif 85% dyaspowa an te vin n ogmante, epi 15% an Ayiti an te diminye tou.
Lòt konsiderasyon
An nou di ke 85% e plis resous zimèn sa k ap viv nan dyaspowa an, anpil nan yo, se an Ayiti ke yo sòti ak tout pil konesans yo sou Ayiti. Donk mwen panse ke yo te konprann reyalite peyi an, e jounen jodi an, yo kontinye konprann li. Depi ki lè yo vin n pèdi tout sa key o te konnen de peyi an. Sitou nan yon epòk kote teknoloji an tèlman avanse. Jodi an, li pran sèlman kèlke segond pou nouvèl yo fè tout tou mond lan.
An plis de sa, an nou di ke rès 15% ki ap viv nan peyi an kounye an, gen ladan yo se nan dyaspowa an ke yo te ye anvan. Swa ke lè yo te nan dyaspowa an yo te toujou konprann reyalite peyi an. Ou byen ke yo pa t konprann li ditou. An nou di ke yo pat konprann li. Donk sa ki fè ke yo vinn konprann li aprè yo retounen Ayiti. Èske se lè yon moun n ap viv an Ayiti sèlman ke li k ab konprann ke pa gen otorite nan peyi an?
Èske se paske anpil mounn ki ap viv a letranje yo rive rezoud pwoblèm grangou ki fè ke yo kapab konprann pi pwoblèm mizè pèp sa pi byen ke anpil lidè nan dyaspowa ki gen madanm, ptitit, frè ak sè yo nan 85% nan dyaspowa an.
An pasan, mwen p ap pale de sa yo ki ap voye zam pou simen dèy nan peyi an. Moun n sa yo, mwen swete ke jistis nan peyi kote key o ap viv lan, bayo sa ke yo merite kòm sentans.
Brèf, an nou di ke tout sa ke m di yo la fo. An nou di tou ke mwen gen tò. Se mesye dam Ayiti yo ki gen rezon. Se yo ki konnen Ayiti. E ke dyaspowa an pa konpran n yon mèd de sa ki ap pase nan peyi an. Eben, si yo konnen l tout konnen sa, pou ki sa yo pa ranje l.
Pa jije pou yo pa jije w. Kòman w fè gen kouraj pou w di ke mounn nan dyaspowa an pa konpran n Ayiti. Alòske, lè yo te ap viv ansanb ak ou nan peyi an, yo te konn ap plenyen de move fonksyonman Lise Petyon, Fakilte Detnoloji elatriye. Yo te konn ap plenyen de vi an ki chè. De koripsyon nan biwo prive tankou ak Leta. Yo te konn ap plenyen tou pou pwoblèm nan zafè sante. San konte de abi ke makout ak militè te konn ap fè sou popilasyon an. Pa gen travay, pa gen wout elatriye. Se de sa yo ke yo te konn ap plenyen ou goumen pou yo chanje ansanb ak ou.
Jodi an, sa ki pat bon ke yo te konn ap goumen pou chanje yo vini pi mal. Si ou pa nan ekip mounn ki ap di ‘’kite peyi m mache an’’, donk mete tout konesans ke w di w genyen yo o sèvis peyi w pou chanje jan pèp lan ap viv.
Paske pwoblèm peyi Dayiti se pwoblèm tout Ayisyen. Ke w deyò, ke w andedan. Plen Ayisyen ki konnen ki ap viv an Ayiti. Menm jan tou gen anpil Ayisyen ki gen anpil gwo konesans ak ekperyans ki ap viv nan dyaspowa an. An nou mete mete tèt nou ansanb pou nou sove peyi sa. Paske anpil konesans pa vle di anyen si nou pa kab itil tèt nou, zanmi nou, fanmi nou, kominote nou, peyi nou, e finalman tout rès mond lan.
Li pa nesesè, pou w genyen,
pou w genyen
Si sa w genyen an
Ou pa fè di byen ak li. (Chante Tabou Konbo nan mizik 10 mas 82)
Pou fini, m ap di, si jodi an mwen pase 30 minit ap pale Dayiti ak ou, se paske m gen plis ke 40 tan ap goumen pou l chanje. Donk lè ou di ke m pa konprann Ayiti, se pa 30 minit konvèsasyon an ke w kritike, se yon konbatan de plis ke 40 tan ke w kritike. Se yon ansyen nèg Bel-Air, ansyen elèv Lise Petyon ak Fakilte Detnoloji sou Divalye ke w di ki pa konn peyi an. Mwen se youn nan 85% an. E mwen se youn nan yon gwo pousantaj ki vle Ayiti chanje pou tout moun n paske se pou koz sa ke mwen toujou ap goumen.
Si Konstitisyon 87 lan mete Ayisyen ki nan dyaspowa yo deyò nan zafè politik peyi an, sa pa vle di ke Ayisyen a letranje yo se etranje pou Ayiti. Pou ti krik, ti krak, dyaspowa an pa konpran n sa ki ap pase an Ayiti. Li lè pou bagay sa fini.
Si nou konnen l konsa, chanje l pouk ont nou. Men, kòm nou pwouve ke nou poko k ab fè l, donk an nou mete ansanb pou nou fè l. Paske men anpil, chay pa lou.
Pwofesè Esau Jean-Baptiste