Opinions

Zafè Konntenè Zam Legliz Episkopal, Pè Franz Cole la, yon dosye pou resisite Lajistis peyi dAyiti. 

Ki enterè Legliz Episkopal Dayiti (EEH) ta genyen pou lap fè Solidarite dans le mal ak Frantz Cole?

Alapapòt Frantz Cole se yon akize men li panko kondane. Se sou motif sa n ap fè refleksyon nou pral swiv la. N ap konsidere faktè sa yo nou pral enimere la yo:

– Akizasyon Pè Frantz Cole

– Entèwogatwa Pè Frantz Cole

– Konfwontasyon Pè Frantz Cole ak Gina …

– Prezans Pè Jean Madoché Vil, Prezidan        Dyosezen Legliz Episkopal la nan DCPJ ak. ranvwa li

– Arestasyon Pè Frantz Cole apre entèwogatwa li. 

Se rezon sa yo ki se soupson sou enplikasyon Pè Cole ki entèprete kòm yon gwo eskandal finansye nan zafè trafik zam lalwa kondane. 

Alaverite Pè a panko kondane pou lajistis. Li se yon prezime koupab. Men nan Kalte sitiyasyon Monpè trouve li jodi a anba kòd lapolis koze sa a bay refleksyon nou pral di la.

Pouki Prezidan Dyosezen Legliz Episkopal la ale devan DCPJ li tounen lakay li nan lapè alòske Pè Frantz Cole rete anba men lapolis pou jwenn yon jij entriksyon pou deside sou posibilite yon pwosè? 

Ankò nou repete Pè a gen gwo akizasyon men li panko kondane. Mezanmi men nou kapab ap mande sa Pè a ap fè nan koze malonèt sa a?  Alóske misyon li se « prêcher l’Evangile et assurer la paix du Seigneur dans les cœurs ». 

Kouman trafik zam fè tonbe nan aktivite Pè Frantz Cole? Aktivite sa pa mache ak respè pèp kwayan ayisyen genyen pou relijye yo an Ayiti. Arestasyon Monpè deja se yon gwo desepsyon moral ak etik menm lè lajistis panko kondane l. Se sa nou konsidere kòm pi gwo eskandal nan Legliz la a sou kote eskandal seksyèl yo. Lè ou nan trafik zam li pi grav ankò paske ou fè plis viktim nan sosyete a ak plis moun ki ap mouri. 

Olye se yon « l’Evangile pour la paix des cœurs et des esprits, c’est plutôt un engagement pris pour être un entrepreneur financier de façon illicite, un entrepreneur de la guerre en alimentant les gangs qui violent et tuent la population. Le Père Cole est dans une situation troublante pour la figure de sa congrégation religieuse, si les éléments de sa culpabilité sont établis et évidents. Ainsi il ne serait plus un apôtre de la paix, mais dans cette circonstance de malfaisance, se révèlerait d’être un entrepreneur de la mort, qui serait bien nourri par des gains financiers, et non par le souci de la conversion des cœurs. Ce serait vraiment, et vraiment, dommage, pour l’Eglise, et la société en général, si les accusations se confirment en attendant le rapport officiel de l’interrogatoire et l’ordonnance du juge qui suivront.

Kidonk men sa ki kreye eskonbrit la nan koze zafè arestasyon Pè Frantz Cole nan trafik zam, menm si li panko kondane sou plan jidisyè. Men sou plan moral ak etik se pa li sèlman ki pran beny dlo frèt la, lawont sa a, men se tout Legliz la . 

Legliz Episkopal konprann enpak arestasyon Pè Frantz Cole sou imaj li. Li deside li pap akonpaye akize a. Se yon gwo kou pou Pè Frantz Cole. 

Pozisyon sa ranfòse soupson sou verite akizasyon yo. Kesyon nou dwe poze pou kisa Legliz la lage Pè Cole pou kont li devan lajistis? Ki sa anndan Administrasyon Legliz la yo repwoche l ?

La responsabilité pénale est toujours personnelle. Si enstitisyon an konnen li klè li pa gen okenn rapò ak zak malonèt sa. Si enstitisyon an konnen li klè Frantz Cole ta fè « un vol de confiance » poukisa pou l ta pèsiste ap soutni Frantz Cole pandan l ap trennen nan labou repitasyon ak krediblite l ?

Nou dwe admèt epi konprann koze « confrérie » a pa fouti jwe nan destriksyon enstitisyon pou sove imaj « Yon moun/Yon endividi ». Li nòmal pou EEH lage mwen pa di sakrifye Frantz Cole pou l lave Kòl, pou pwòpte imaj li epi pou l bay tout kolaborasyon l nan travay Lajistis ap fè pou limyè kapab fèt tout bon vre sou yon dosye « trafik zam pou touye moun » ki ta vle antere tout sosyete ya.

Sa n ap di se pou dosye sa sèvi ekzanp pou Lajistis, sitou DCPJ mete anba kòd, pit kon mawon, zanana kon pengwen ki nan tout kalte mank e melanj kont sosyete Ayisyèn nan, kont peyi a.

Se pou DCPJ pran sosyete a pou temwen l pou l rive reyalize travay li san fòs kote. Dwa Pè Frantz Cole dwe respekte nan jwenn bon jan defans ki pou asire li jwenn sa lajistis rezève pou li. Pou sa fèt DCPJ dwe jwenn yon fòmil pou kominike ak popilasyon an, ak peyi a sou tout dosye ankèt li jije sansib paske genyen « Gwo palto » ki kapab plonje disèt longè ladan yo. 

Egzanp: dosye Me Monferrier Dorval la. Nan kèk jou ankò sa pral fè 2 lane depi Me Dorval mouri yon fason sispèk devan papòt lakay li, tou pre lakay ansyen prezidan defen Jovenel Moïse. Enstriksyon an kwoke nan gòjèt sosyete a tankou yon zo pwason. Paske anpil moun ta sispèk nan lanmò a. E yo di DCPJ fè yon travay teknik, yon travay syantifik kòrèk. Men… la main politique bloque tout.

Alòs se pou DCPJ ak bourad Barreau des Avocats pran sosyete a pou temwen nan dosye a nan mete « kaka chat » la deyò.

Se menm jan tou, pou dosye lanmò defen prezidan Jovenel Moïse la. Cette magnicide a sali l’image de notre République pour longtemps encore. D’où l’obligation qui est faite à cette entité de la Police Nationale d’Haïti de redorer son image et celle de toute la justice. 

DCPJ dwe pran peyi a, sosyete a, Kominote entènasyonal la pou temwen pou l mete tout sa l konnen dapre ankèt li mennen sou krim san parèy sa. 

Moman rive pou sosyete a, pou peyi a pran pi bon leson nan tout evenman tèt chaje k ap dekonstronbre l, yon fason pou l korije tèt li pou lè li tounen kanpe sou 2 pye pou l konnen li gen mwayen pou rezoud pwoblèm yo tout bon vre. 

Marcel Poinsard Mondésir 

20 Dawout 2022.-

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.