ACTUALITÉS

Nòdwès / Pòdepè kilti:  Asanble Kretyen Legliz Rès Posterite 7em jou fèmen 6zyèm Asanble Jeneral li.

 Asanble Kretyèn Legliz Rès Posterite 7e jou , mete yon bout, jounen dimanch 14 dawout 2022 a, nan 6e Asanble Jeneral li konn abitye òganize chak katran nan vil  Pòdepè, ki reyini delege ki te soti Ayiti tankou aletranje.

Delege sa yo  ki sot pase yon senmenn brase lide sou avni Legliz la  soti 07 dawout pou rive  ayè dimanch 14 dawout 2022 an, anba gwo dispozitif sekite, akonpanye fanfa, te mache nan plizyè ri nan vil Pòdepè pou montre  kontantman yo  daprè Rev. Pastè Délivoix Dieuvercin, ki te gen misyon pou  akeyi delege yo nan  okazyon an 6e Asanble  sila.

Sekretè Jeneral Asanble Kretyèn Legliz Rès Posterite 7e Jou a,Rev pastè Jeannot Cétoute, pandan pakou  a te mande non sèlman pou Kretyèn yo rete toujou atache ak Granmèt la men tou li konseye yo   pou yo met tèt yo ansanm pou rive sove peyi sa  kote gang achte lajan kontan  kèlkeswa danje sa te kapab trennen dèyè l.

Reveran pastè Jeannot Cétout ki santi l rejwi pandan senmenn refleksyon sou avni  Legliz la, fè konnen  «  Asanble  Kretyèn Legliz Rès Posterite 7e jou ki gen 30 lane, gen sou responsabilite li 49 Legliz an Ayiti  tankou aletranje  k ap anonse  Granmèt  Sovè  nou an «  JEZIKRI » ap retounen.

Aristilde Robens

Impulse Web Medias

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.