ACTUALITÉS

Ayiti-Sekirite: “Ti Magali”, yon blende lapolis ki pa vin pou lapè, entènot yo renmen anpil

Ti Magali, se non fanm rezistan sa a Koupe Kloure te chante nan lane 80 yo. Yon mizik k ap lwanje yon fanm vanyan ki pote rezistans sou tèt, yon fanm ki p ap kouri pou responsabilite l. Yon senbòl ki jwenn sans li nan blende lapolis sa a ki pran kè tout entènot yo, ki santi tout bon vre yo pa pou kont yo nan latwoublay ensekite san fen peyi ap fè fas depi kèk lane.

Kote l pase li kite tras, bakòp lapolis sila a (Ti Magali) se sèl grenn fanm  entènot  yo ap adore e vle mouri pou li, paske daprè yo menm li pote lespwa. Rezistans ajan ki andann patwouy lapolis sila a pa manke atire atansyon sitwayen yo, ki nan kòmantè yo ap temwaye lanmou yo pou li, li rantre nan fyèf tout gwoup ame pou l met kontwòl.

Lapolis Nasyonal peyi Dayiti depi kèk jou vini ak yon nouvo machin blende pou polisye yo kwape bandi nan kapital la, yo ba l pote non “Ti Magali “, yon non k ap fè pale anpil sou rezo sosyal yo. Depi yon gwoup sitwayen ap pale sou sekirite peyi ki tèt anba, Ti Magali se sèl non yo klewonnen pou montre yo ka rale yon souf ak fenomèn bandi nan tout kwen. Anpil enfliyansè, jounalis pa sispann montre lanmou yo genyen sou Facebook ak sou divès fowòm whatsapp atravè mesaj y ap poste, Ti Magali vin viral.

«Bravo Maga» pasi pala sou tout rezo «Maga doudou», lanmou an fò. Yon lanmou ki montre dezespwa sitwayen yo fas ak fenomèn pwoliferasyon gang nan ki prèske tabli kò l nan tout kwen nan peyi a. Pou sitwayen yo, se rezilta a ki konte, yo renmen jan lapolis ap frape pye l atè a nan dènye jou sa yo pou l kwape bandi sitou nan zòn Kwadèboukè, Tòsèl ak Pènye.

Lanmou pou patwouy lapolis la tèlman fò, yon jèn entènot deklare flanm pa l la :

«Ti Magali…

Se vre w pa bèl, ou pa gwo,

Men w chaje moun ki renmen w.

M vle w konn sa jodia Ti Magali cheri doudou

Ou se sèl fanm ki kout epi ki lèd,

Malgre sa tout jènjan serye renmen w » Yon lanmou ki pa diferan ak fason moun Miragwàn pote kòmisè Miskaden sou kè yo. Gen entènot ki menm kwè si de fòs sa yo marande, lapè ka tabli nan Pòtoprens.

Si pou sèten patwouy sila a ap fè yon bon travay nan elimine bandi, epi rantre nan kèk zòn wouj,   pou kèk lòt, sa p ap rezoud pwoblèm nan. Kòmantè sa yo ale nan yon  sans ki diferan. Bat bravo lakontman pou lanmò kèk bandi, pa vle di bandi fini. Jèn entènot sa yo plis vle yon vrè chanjman paske bandi yo ranplasab, pou yo menm,  se men ki kache nan fènwa k ap alimante ensekite a ki pou koupe.

Lovelie Stanley NUMA

lostnuma85@gmail.com

Bakòp blennde lapolis ki rele “Ti Magali” a.
Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.