ACTUALITÉS

Nòdwès/ Sekirite : Lapolis Nòdwès drese bilan operasyon pasyèl li nan seri operasyon l te menen.

La Polis sou Wout Tibwadòm ak Gwomòn soti nan dat 31 jiyè 2022 an pou rive jounen vandredi O5 dawout saa, yon peryòd kote bandi yo te pran plizyè sitwayen annotaj epi blese divès lòt.
Selon yon nòt ki soti nan direksyon depatmantal polis Nòdwès la,ki gen nan tèt li Komisè divizyonè Jean Bruce Myrtil,


_ Genyen kèk zòn tankou Tibwadòm, Pandi ak Bera, bandi yo te monte tant yo ki sanse rive libere sou entèvansyon fos lòd yo._

  • gen 9 bandi ki blese mòtèlman ak 13 lòt blese.
  • Gen 07 sispèk ki anba kòd_08 motosikllèt rive sezi
  • Gen 30 otaj ki te anba ponyèt bandi yo ki jwenn liberasyon yo sou lòd Polisye yo ki kontinye monte tant yo sou Wout Tibwadòm ak Gwomòn, depatman Latibonit.

Operasyon san pran souf saa kap dewoule sou depatman Latibonit ak Nòdwès deja sou 8è jounen l epi k ap rapousuiv. Komisè divizyonè Jean Bruce Myrtil fè Konnen Lapolis pap dòmi yon fason pou rive mete yon bout ak fenomèn bandi yo paske selon direksyon depatmantal polis Nòdwès la,Polisye UDMO yo nan Nòdwès ap kontinye bay Latibonit kout men pou rive rezoud pwoblèm bandi /gang ki sou wout Gwomòn, depatman Latibonit kote se popilasyon Nòdwès la ki toujou véritab viktim.

Fòk nou di genyen anviwon yon lane depi bandi ak zam tabli baz yo sou wout Gwomòn, basen ble ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon an.


Aristilde Robens

Impulse Web Medias

Pòdepè/Nòdwès

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.