ACTUALITÉS

Mwa dawout la, mwa konba pèp Ayisyen an

Jiyè a ale san Ayiti pa fè yon pa Kita, yon pa Nago nan deblozay politik, sosyal, ekonomik ak kiltirèl l ap benyen depi yon bon bout tan.

Alapapòt nan mwa Jiyè a, pouvwa Ariel Henry ap mennen ansanm ak Fusion, SDP, Inite, Pitit Dessalines, MTV, NouhLa, ak tout lòt nou konnen yo, nan yon jwèt Chen ak chat te bay lenpresyon yo vle negosye ak ekip Montana-PEN-GREH. Men se te pou montre nivo iresponsablite ak sinik yo. 

Ekip Akò Primati a, nan konpòtman ak deklarasyon yo fè tankou se pou premye fwa 2 gwoup yo pral tanmen chita pale. Apre 3 reyinyon pou fikse ajennda diskisyon yo, nyèt, nad maridad. 

On dirait qu’on avait affaire à deux délégations l’une venue de la planète Mars, l’autre des quartiers populaires d’Haïti où les crépitements des balles et les massacres en série, les feux téléguidés des bâtiments publics et des lieux reconnus sacrés se multiplient laissant tout le monde pantois. L’un des membres de l’équipe des Commissaires d’Ariel Henry eut même à déclarer que l’essentiel des discussions doit être concentré sur les formalités de mise en place du Conseil Électoral Provisoire (CEP) pour l’organisation des élections.

Un pays et en particulier sa capitale, centre névralgique de tous les pouvoirs, occupée par des gangs lourdement armés semant la terreur jour et nuit, une population tétanisée par toutes les peurs, une police nationale baissant les bras face à la frappe de feu des bandits (tolérés, protégés au niveau supérieur de la hiérarchie du pouvoir et par le BINUH/Core Group instrument principal et stratégique de la communauté internationale), demander l’organisation d’élections dans ce cas, c’est pousser la mauvaise foi à son extrême limite. Ce n’est ni la cécité politique, ni l’assouplissement démocratique. C’est de l’opportunisme politique. Dans ces conditions on ne peut pas parler de compétitions électorales mais plutôt de sélection car ce seront les armes, l’argent sale et les maffieux contrôlant même les plus petites parcelles du territoire qui pourront se rendre sur le ring déjà transformé en ruine. 

Un mois de juillet qui s’en va nous laissant dans le désarroi d’une rentée sociale et économique avec une inflation sans contrôle. Monsieur Dollar s’achète au prix voulu par les spéculateurs (maintenant 1USD=140gourdes) et les responsables de la Banque Centrale à l’instar des responsables du CSPN à coup de communiqués nous disent prendre des mesures pour redresser la situation. 

Yon sitiyasyon ki pral fè ane akademik 2022-2023 genyen plis timoun nan tout nivo edikasyon an (pre eskolè, Fondamantal, NS, Teknik, Pwofesyonèl, Siperyè/Inivèsitè) DEPÈDISYON. Sa vle di, Moun k ap aprann yon metye, moun nan inivèsite pou anpil rezon p ap fouti tounen al chita nan yon sal klas pou swiv kou. Lajan ki monte disèt wotè ak ensekirite Leta ap jere a, pral pouse do yon bann ak yon pakèt jèn nan domèn edikasyon an. Pou sila yo, paran yo kapab kontinye bay dènye gout swè yo epi sa k gen dyaspora k ap soutni yo, nou pral jwenn yo nan peyi Sendomeng ak lòt kote nan dyaspora. 

Que dire à Ariel Henry et ses alliés visibles et invisibles qui nous gargarisent de paroles truffées de mensonge, sans aucun sens d’hommes et de femmes d’État. Ils ne donnent même pas l’impression à bien lire la déclaration des Évêques Catholiques d’Haïti suite à l’incendie criminel de la Cathédrale transitoire de Port-au-Prince. 

Pèp Ayisyen se pou nou louvri mwa dawout la ak plis volonte, plis detèminasyon pou nou montre tout moun alawonnbadè nou pa pitimi san gadò, nou deside pran desten peyi nou epi nou dispoze bay Ayiti oryantasyon kote Lajistis, Lajistis sosyal ak Dwa Moun dwe matris tout politik  k ap genyen pou egzekite. 

Konsa n ap fini pou di tout moun pote kole nan tout aksyon k ap fèt nan 3 Jounen Grèv Deboulonnay Ariel Henry Akò Primati Fusion, SDP, Pitit Dessslines, MTV, INITE ak tout alye vizib ak envizib k ap bay pouvwa sa APWI AK MINISYON Psychologique pou fini ak Nou.

Marcel Poinsard Mondésir 

1/08/ 2022.-

Jou I pou Delivrans Ayiti.

Image d’illustration : Google

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.