ACTUALITÉS

Nòdwès / Pòdepè : Brigad Pwoteksyon Sivil Nòdwès ak Manm Eskout yo deklare “Agwonòm Réthone José, pap fè yon pa Kita ‘,Yon Pa Nago.

Atravè Yon konferans pou laprès jounen lundi 01 dawou 2022 an, Brigad Pwoteksyon Sivil Nòdwès ansanm ak manm Eskout yo atravè Rejyon an pote sipò yo bay Kowòdonatè Teknik Pwoteksyon Sivil branch Nòdwès la ,Agr Rhethone José, ke direktè Jeneral DPC a , Dr Jerry Chandeler, transfere kòm chaje misyon nan Ministè Enteryè.

Desizyon sa a ki konsène 4 Kowòdonatè Teknik Pwoteksyon Sivil : Nòdwès,Nip, Sid ak Sant, montre a klè minis Enteryè a, msye Litz Quitel ansanm ak tout direktè jeneral Pwoteksyon Sivil la,Dr Jerry Chandeler, mete tèt ansanm pou kraze direksyon Pwoteksyon Sivil yo atravè peyi a, Nòdwès, anpatikilye,selon pwotestatè sa yo ki fè konnen kou saa, ki se yon revokasyon dore, p ap pase pandan yo mande anvan yo antame 2è faz la pou de ( 02 ) responsab sa yo :minis Litz Quitel ansanm ak Dr Jerry Chandeler retounen sou desizyon yo , paske daprè sa yo deklare yo pap kolabore ak lòt moun kòm kowòdonatè nan tèt Pwoteksyon Sivil la nan Nòdwès.

Brigad Pwoteksyon Sivil ansanm ak manm Eskout sa yo ki toujou felisite bonjan travay Agwonòm Réthone José konn abitye remèt anndan Pwoteksyon Sivil la nan depatman Nòdwès la, fè konnen “Agwonòm Réthone José p ap fè yon pa KITA ,Yon pa NAGO” pandan yo Kritike direktè jeneral Enstitisyon saa,Dr Jerry Chandeler,ki pa janm peye yo frè lajan kanaval Nasyonal 2022 an ansuit ki pa janm bay Pwoteksyon Sivil Nòdwès mwayen pou l fonksyone alewè pou l ta kontinye fè fòmasyon pou manm Pwoteksyon Sivil yo ki gaye nan 4 kwen depatman Nòdwès la .

Nap soulinye fas ak tout deriv sa yo, pwotestatè yo mande pou Direktè Jeneral Pwoteksyon Sivil la, ak tout minis Enteryè a, yo di ki deja kraze Pwoteksyon Sivil yo atravè peyi a, Nòdwès anpatikilye pou yo resezi yo sou desizyon sila.

Aristilde Robens

Impulse WebMedias
.

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.