ACTUALITÉS

Ayiti-Ensekirite: Konplo a byen mare

Depi kèk Jou, tout gang en bandisyon.

Yo okipe kapital la ak tout zòn sou kote l yo.

Bal fè kenken.Se pi gwo “concert au grand air” peyi a ap viv. Bandi ap tire nan tout direksyon. Tout sa-k bouje, mal parèt. Pa vini-w ki pou sove-w.

Pèsonn pa ka fè bilan kadav ak blese. 

Jounal Le Nouvelliste, nan yon atik li pibliye nan dat 26 Jiyè 2022 esplike kouman inosan mouri, ak domaje anba bal mawon. Moun ki pat gen okenn rapò ak bandi ni manifestasyon ap tonbe. 

Ki kote bandi yo jwenn fizi ak tout minisyon sa yo? Ayiti pa fè zam ni minisyon. 

Dapre la lwa, se Leta ki sèl otorite Konstitisyon an bay dwa pou asire defans ak sekirite tèritwa. Se menm jan tou, se sèl Leta ki gen dwa pou fè antre materyèl sansib sa yo anndan peyi a.

Tande byen

Kèlkeswa moun ou byen yon enstitisyon ki ta antre nan peyi a materyèl sansib sa yo, ou gen obligasyon pou soumèt yon demann « en bonne et du forme » a  Direksyon polis la. Anpil detay konsènan materyèl la, epi tou, nan ki fason ou pral sèvi ak yo. 

Anvan tout koze, se pou w jwenn bon jan otorizasyon, nan men Enstans Leta, ki la pou sa. Dayè, materyèl sa yo pa dwe kite ladwann san kontwòl.

Dapre enfòmasyon moun ki konnen kesyon zam, yon grenn bal pou pi piti ta koute ant 3 rive ak 5 dola meriken. Dapre kalib zam lan, li ka pi chè toujou. Yon Bandi kap itilize yon zam, ki tire 10 bal/mn. Nou ka devine, lè bandi yo ap fè “concert bal” nan zòrèy nou, san pran souf, ki kantite lajan kap pase, y ap gaspiye, pandan nan moman la, ou bezwen ant 120 a 130 goud pou 1 dola ameriken. 

Ki kote bandi yo jwenn zam yo?

Kiyès moun k ap fè komès bal ak lòt materyèl k ap detwi lavi pèp la? Èske se pou materyèl sa yo, ladwann,  tounen paswa anpil fwa? Èske peyi kote zouti danjere sa yo ap soti pa ka verifye machandiz k ap soti anndan lakay yo? Bandi yo pa gen mwayen ak kapasite pou kenbe yon mache aktif Konsa? Pou kiyès bandi yo ap travay tout bon vre?

Poukisa otorite ki gen pouvwa kontwole sikilasyon zam nan peyi Dayiti pa fè travay yo?

Fòk nou dakò, se pa yon jwèt. gen gwo enterè sou tab la.

Endistri kriminèl “kidnapping” lan se endistri ki pi rantab an Ayiti depi kèk tan.  Fòk  ekonomis nou yo ta jwenn yon mekanis ki pou pèmèt yo rive evalye konbe lajan, epi enpak aktivite kriminèl sa nan ekonomi peyi nou an. Travay sa kapab ede nou dekouvri ki sektè ki mèt komès sa, ki kote monopòl la ye, epi wout lajan sa yo fè.

Ekonomis yo jwèt pou nou.

Kèk sezi zam tout kalib ak minisyon, mesyedam ladwann yo, nan jou sa yo, ede nou apresye kouman se yon veritab rezo ki genyen anndan koze aktivite kriminèl sa yo. 

Fè antre zam ak minisyon nan peyi a pou etenn souf Ayisyen marinen ak konplo epi pwojè pou fè peyi a tounen Tilendi, nou menm Ayisyen Jwif eran ki pa gen patri nou blije al chwe tout kote. Se menm peyi k ap kite yo antre ak zam yo k ap imilye nou lakay yo. Nou se « main d’œuvre, taillable et corvéable à merci ».

Marcel Poinsard Mondésir 

30 jiyè 2022.-

Imaj Google pou ilistrasyon atik la.

Jimmy Chérisier alias Barbecue, chef gang G-9.

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.