ACTUALITÉS

Nòdwès-Sekirite : Lapolis nan Pòdepè ak Brigad Siveyans Ladwàn rive sezi yon Kantite zam ak minisyon nan yon operasyon.

Brigad Siveyans Ladwàn Pòdepè ansanm ak Lapolis nan Nòdwès dekouvri epi sezi, ayè jedi 21 jiyè 2022 sa,nan Pò Pòdepè a, Abel bato El Shaddai ki fè trajè Pòdepè/ Miami, 7 Zàm ki repati konsa:
_ 4 Pistolè de kalib 40 mm.
_2 Pistolè de kalib 9mm.
-1 Revòlvè de kalib 38mm.

Yo sezi tou
434 katouch ki repati konsa:
_55 katouch de kalib 38 mm.
_182 katouch de kalib 40mm.
_197 katouch de kalib 9 mm.

Anfen yo te rive sezi tou:
09 chajè ki repati konsa :
_06 chajè de kalib 40 mm
_03 chajè de kalib 09mm

Ajan dwanye yo nan vil Pòdepè, depi sou lòd ansyèn direktris la, Madàm Nadège Rébecca Étienne, bay tèt yo misyon, pou kontinye fouye tout koli ak tout bato k ap rantre nan Pò Pòdepè a ak pwodui kriminèl tankou zàm, katouch ak minisyon ilegal pou vin mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan, Nòdwès anpatikilye . Desizyon sa te pèmèt nan jou ki sot pase la yo, Ladwan Pòdepè te rive sezi plis pase 120 mil katouch, Zàm gwo kalib ak minisyon ilegal ki te soti nan peyi Etazini kote 04 moun te jwenn arestasyon yo e ki te rive libere sanpèditan.

Aristilde Robens

Impulse Web Medias

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.