ACTUALITÉS

Nòdwès / Pòdepè : Direktris Dwàn Pòdepè a, Madam Nadège Rebecca Étienne transfere nan direksyon Jeneral dwàn Pòtoprens atravè yon apèl.

Aprè plis pase de (2) mwa kòm direktris, nan tèt dwàn Pòdepè a, Madam Nadège Rébecca Étienne transfere nan Direksyon Jeneral Ladwàn, Pòtoprens. Yon transfè ki fèt nan bouch ayè vandredi 15 jiyè a.

Nan yon videyo amatè ki dire 2 minit 50 kap sikile sou rezo sosyal yo kote madam Étienne ap esplike rezon transfè sa ak anplwaye yo. Videyo sa te fèt nan yon ti fèt li te òganize nan biwo a pou youn nan anplwaye Dwàn nan ki ap rantre nan retrèt. Se pandan moman fèt sa, li t ap al resevwa apèl direktè kòdinasyon jeneral li transfere pou dil li pa chita nan biwo l, se St Domingue li rete. Madam Étienne fè konnen li ap kite Dwàn Pòdepè ak santiman devwa li ranpli misyon li. Alòske sa genyen plis 8 jou depi lapolis Nòdwès te onore l ak divès ajan dwanye pou bonjan kolaborasyon yo nan travay lap mennen ki te pèmèt yo rive sezi yon kantite minisyon nan kòmansman mwa jiyè pase a.

Enfòmasyon k ap sikile nan mitan popilasyon Nòdwès la fè kwè,madàm  Étienne jwenn transfè l, poutèt  li te pase lòd fòmèl depil te fin enstale nan tèt bwat la pou tout Ajan dwanye yo fouye epi  verifye tout bwat ak tout bato ki soti nan peyi Lòtbò dlo, yon mannyè pou anpeche dwòg, katouch, Zàm ak minisyon ilegal rantre nan peyi a.

Nap fè remake se ansanm  dispoziyon sa yo ki fè  Ajan dwanye yo ansanm ak Lapolis Nòdwès te rive  dekouvri  epi sezi 120.000 Katouch ak 30 chajè Fizi otomatik nan bato Miss LiLi ki fè trajè Pòdepè/ Miami nan dat 1e jiyè 2022 a.

Travay direktris ladwann Pòdepè a pa t kanpe nan Wout. Nan dat 13 jiyè 2022 a, Brigad Siveyans Ladwàn Pòdepè  nan  tèt kole ak Lapolis te jwenn abò bato ki pote non La Tempérance,  3 bwat katouch ak 2 chajè 9 mm kote ni moun ki te pote minisyon sa yo soti nan peyi Etazini, ni moun ki te vin resevwa yo aprè konsta legal yo fèmen nan gadavi Komisarya Pòdepè a.

Daprè  enfòmasyon ki kontinye ap sikile nan vil Pòdepè,transfè direktris Ladwann Pòdepè a, Madàm Nadège Rébecca Étienne, soti dirèkteman nan kapital Ayisyèn nan, Pòtoprens, paske sila yo ki gen gwo gwo  mwayen anba ponyèt yo pou fè kalite pwodui kriminèl sa yo rantre nan peyi Dayiti wè nan direktris Dwàn Pòdepè a  yon fanm  k ap bloke pratik bizniz  kontrebann kriminèl sa yo sou tè peyi Dayiti.

Depatman Nòdwès la ki toujou viktim anba men gwo zotobre yo k ap alimante peyi a ak Zàm mande pou direksyon Jeneral Ladwàn ba yo bonjan eksplikasyon sou transfè direktris Ladwann Pòdepè a, Madàm Rébecca Étienne.

Aristilde Robens

Depatman Nòdwès/Pòdepè

Impulse Web Medias

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.