SECURITE

Nòdwes /Pòdepè : Lapolis nan Pòdepè sezi yon Kantite minisyon nan yon operasyon yo mennen 

Madi 12 pou leve 13 Jiyè anviwon 2h nan aswè lapolis rive sezi 25,000 katouch nan vil Pòdepè nan yon Forward imatrikile (TM 12118) ki t ap rantre Pòtopren ak yon Kantite minisyon . Jij Paul Blanc ki te  fè konsta legal katouch sila yo. Sibstiti komisè Gouvènman Wisminder Louis fè mete anba kòd Churchill Petit-Frère ki li menm t ap transpòte 25,000 katouch sa yo. Sou lòd Komisè Sibtiti Komisè gouvènman Pòdepè a Louis Wilsmender rive fè kenbe machin sa  nan komisarya Pòdepè a.

Toujou nan kad dosye transpòtasyon zam ak minisyon sòti nan peyi Etazini pou rantre nan peyi Dayiti, aprè lapolis te rive sezi 120 000 katouch nan batiman Miss Lili nan vil Pòdepè , lapolis arete Komisè Pòdepè a Me Michelet Virgile  nan kad dosye sa ayè madi 12 jiyè a. Arestasyon sa te soulve kolè avoka yo nan bawo Pòdepè a fè gwo leve kanpe yèswa pou egzije liberasyon Mèt Virgile ke yo estime ki arete ilegal .

Fòk nou di ansyen komisè Gouvènman Pòdpè a Michelet Virgile , kite Depatman Nòdwès la pou rantre Pòtoprens kote DCPJ pral kontinye tande l sou divès akizazyon nan enplikasyon nan dosye koripsyon nan Pakè Pòdepe a.

 

Robens Aristilde 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.