ACTUALITÉSSECURITE

Ayiti-Sekirite : Otorite nan Pòdepè arete Fritz Jean Relus epi sezi 157 kès ki genyen 120 000 katouch

Jounen vandredi 1e jiyè 2022 a, Brigad siveyans Ladwàn ak Lapolis Nòdwès sezi sou waf Pòdepè ak lakay Edy Lafrance san ven mil (120,000) katouch ki te nan 157 kès ki te repati konsa:

114,000 katouch 5.56 ki nan 151 kès

2,000 katouch 9mm ki nan 2 kès

4,000 katouch 7.62 ki nan 4 kès

2 pistolè 9mm

1 revolvè kalib 38

30 chajè AK-47

20 fouwo AK-47

3,890 dola ameriken

814,343 goud

Zam ak katouch ilegal sa yo soti nan Eta Florid (Etazini) yo rantre abò yon bato ki pote non MISS LILI, daprè otorite lokal yo.

Selon enfòmasyon direksyon depatmantal Nòdwès polis nasyonal la pataje, lè yo t al fouye kay Edy Lafrance, li te deja resevwa 7 kès katouch ak yon dwoum ki poko rekipere.

Toujou nan menm dosye sila, Lapolis Nòdwès arete Fritz Jean Relus, yon prezime konplis, sou lòd komisè Gouvènman Pòdepè a, Me Michelet Virgile.

 

Lapolis ak lajistis lage koukouwouj dèyè 3 moun nan dosye sa ki se Marie Guirlène Estimable ak Wilfrid Estimable. 2 moun sa yo nan trafik zam ak katouch ant Etazini ak Ayiti. Youn ap kòmande (enpòtatè) lòt la menm ap voye ba li (ekspòtatè). 3e moun nan se Edy Lafrance k ap sere zam ilegal ak katouch yo nan depo epi distribye yo.

Nan sans sa, otorite yo anonse gen lòt dispozisyon ki pral pran kont JJ CARGO SHIPPING LINES ki te aksepte pran responsablite pou transpòte zam ak katouch ilegal sa yo.

Nap fè remake daprè direksyon depatmantal Nòdwès, tout otorite rejyon an mete ansanm pou travay yon fason pou kwape tout zak kriminèl ki sòti nan peyi etranje pou alimante ensekirite a nan peyi Dayiti. Travay sila rive fèt nan tèt kole ak Lapolis Nòdwès, sou enstriksyon Direktè Jeneral la ki asosye l ak Ladwàn ak Pakè Pòdepè.

N ap fè sonje, pa twò lontan lapolis ak lajistis nan Nòdwès te sezi yon kantite zam ak katouch nan pò karenaj vil Pòdepè. Jis kounye otorite yo poko janm ka bay esplikasyon sou kantite zam ak katouch yo te sezi a.

 

Robens Aristilde

Pòdepè/Nòdwès

Imaj amatè

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.