EDUCATION

Bakaloreya 2022 : Ministè Edikasyon Nasyonal deplase kèk sant egzamen nan Pòtoprens

Nan yon nòt ki parèt jodi jedi 30 jen an, Ministè Edikasyon nasyonal fè tout moun konnen sitou elèv ki pral konpoze nan bakaloreya yo, sipèvizè yo ak siveyan yo, Direksyon depatmantal edikasyon nan Lwès pran desizyon deplase kèk sant egzamen nan Pòtoprens.

Konsa Ministè a presize Sant egzamen ki ta pral nan lise Jan-Jak Desalin nan ak sa ki ta pral nan lekòl nasyonal Repiblik Paragwey la transfere nan kolèj Sen-Lwi (Boudon).

Sant egzamen ki ta pral nan lekòl nasyonal Repiblik Brezil la transfere nan kolèj Jean Price Mars (Riyèl Chrétien, Zòn Lali). Sant egzamen ki ta pral nan Enstitisyon Notre-Dame de Lourdes la transfere nan lekòl nasyonal Repiblik Etazini (Bwa-Patat/Kanapevè).

Ministè a di l konte sou angajman ak kolaborasyon tout moun ki konsène nan lide pou fasilite 115 337 kandida ki nan 10 Direksyon depatmantal edikasyon yo kapab konpoze tèt frèt soti vandredi 1e jiyè, lendi 4 pou rive mèkredi 6 jiyè 2022 a.

Pandan tan sa, Administrasyon Impulse Web Medias tou pwofite swete tout elèv ki pral patisipe nan egzamen yo ‘’Bon siksè’’. Administrasyon an ankouraje yo tou pou yo respekte tout konsiy Ministè a pase pou tout egzamen yo kapab byen dewoule.

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.