EDUCATION

Ayiti-Bakaloreya 2022 : Plis pase 115 mil kandida pral patisipe nan egzamen ane sa

Soti vandredi 1e, lendi 4 pou rive mèkredi 6 jiyè 2022, 115 337 kandida pral patisipe nan egzamen bakaloreya nan tout peyi a. Direktè jeneral Ministè Levasyon an, Doktè Meniol Jeune fè konnen tout bagay pare pou pèmèt operasyon sa a kapab byen dewoule. Li te fè deklarasyon sa nan yon konferans pou laprès sou egzamen bakaloreya yo.

Kandida yo ak lòt moun k ap patisipe nan òganizasyon egzamen sa yo dwe respekte plizyè konsiy tankou : kandida, siveyan ak sipèvizè yo pa dwe itilize telefòn anndan sant egzamen yo ; kandida yo pa dwe itilize kalkilatris pwogramab oubyen lòt zouti kominikasyon.

Nan yon nòt ki parèt ayè mèkredi 29 jen an, Ministè a anonse gen sanksyon ki prevwa pou moun ki pa respekte konsiy sa yo. Anmenm tan, gen sanksyon pou tout sila yo ki ta enplike nan fwod osinon ki ta konplis moun k ap fè fwod.

Direktè jeneral ministè a te pwofite konferans la pou remèsye davans siveyan, sipèvizè, delege sikwi, direktè sant egzamen yo, direktè depatmantal yo, manm Komisyon nasyonal egzamen Leta yo ak lapolis nasyonal pou bon jan dispozisyon yo pran pou reyisit operasyon sila.

Doktè Meniol Jeune, yon lòt bò, ankouraje tout popilasyon an pou gade vijilans li nan kontribiye pou kategori elèv sa yo kapab byen boukle ane lekòl la, pase egzamen sa yo epi bay tèt yo lòt pèspektiv.

N ap souliye, plis pase 48% nan 115 337 kandida sa yo se nan depatman Lwès yo ye (56 213) ; depatman Latibonit vini nan dezyèm pozisyon avèk 12 249 ; depatman Nò vini nan twazyèm pozisyon avèk 11 722. Se depatman Nip ki gen piti kantite a : 3 536 kandida, swivan tablo estatistik, Gérald Belizaire, kòdonatè inite enfòmatik nan Biwo nasyonal egzamen Leta a (BUNEXE nan lang franse).

 

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.