ACTUALITÉS

Ayiti-Kilti: Yon nouvo vwa, yon nouvo estil, an n dekouvri Jaakay Poweta, yon atis angaje a 1000 pousan.

Mizik se yon rasanbleman son ki soti nan vwa ak enstriman tankou gita, batri, sou yon rit pou transmèt mesaj ak emosyon bay yon piblik.

Yon mizisyen ka itilize vwa l pou plizyè objektif tankou bay plezi (fè moun ri, fè moun bliye strès) denigre oswa pase yon mesaj lanmou, pataj ak tout lòt enèji pozitif yo.

Jaakay Poweta fè pati dènye kategori atis sa yo ki ap goumen pou pote bon mesaj jenerasyon peyi nou ap bezwen pou nou soti nan sa nou ye an, sa n ap viv lan.

Nou te fon ti chita pale avèk li.

Yon nouvo vwa, yon nouvo stil, Jaakay Poweta, yon atis angaje a 1000 pousan men kilès li ye tout bon vre ?

J. P : Bon non legal mwen se Jak Mari Lisne (Jacques-Mary Lisnay) men pou m di w byen, Jaakay se yon atis map dekouvri chak jou li jou. Men m mwen m poko fin dekouvri tèt mwen..

Chak moun ka tande zèv mwen yo epi li di selon li menm kiyès Jakaay ye.

Men nou pito kite travay nou pale pou nou pito, di kilès nou ye..

Kisa mizik reprezante pou ou ?

J.P : Mizik reprezante tout bagay pou mwen, li se lè n ap respire a, espirasyon nou,

Sa ki fè nou kontan, mwen ka di w li se pi bon zanmi m.

Kilè Jaakay Poweta koumanse fè mizik ?

J.P :Daprè sa manman m di m, depi nan vant li mwen kòmanse fè mizik paske li te toujou kon n ap tande bon mizik rasin lè l al nan bitasyon li ak lòt mizik lakay toupatou lè l te ansent mwen.

Men mwen ka di depi m piti m kòmanse nan mizik. Mwen sonje m ekri premye ti mizik mwen nan laj douzan (12), trèzan (13) yo si m pa twonpe m !.

Kisa w ap tann de piblik la atravè de (2) dènye pwojè ou soti yo, nou vle pale de Vèvè ak Lafimen ?

J.P :Lè m t ap grandi m te toujou renmen gade tikomik Batmann, sipèmann yo epi m te toujou ap mande tèt mwen poukisa m pat janm wè ewo pa nou yo tou an tikomik paske m pat ko janm wè sa fèt.

Atravè listwa nou, nou gen pakèt bagay enpòtan pou pataje bay lemonn. Pa bliye listwa pèmèt ou konn pase w pou w ka konprann reyalite w ap viv nan epòk ou an pou w ka pa repwodwi menm erè yo nan fiti.

Se nan menm lide sa m soti Vèvè ak Lafimen sa gen kèk mwa.

Se pou enfòme epi fòme tout tchovi yo, sitou pi piti yo sou liswa Dayiti atravè mwayen yo ka konprann li pi byen an ki se mizik ak tikomik.

Ki konsèy ou t ap bay yon jèn ki vle fè men m stil mizik avèk ou ?

J.P : Premye sa m t ap di l se kenbe orijinalite l.

Se vre pa gen yon moun ki pa sibi enfliyans nan kèlkeswa fason an men kenbe liy ou malgre sila, toujou bat pouw son orijinal vèsyon tèt ou…

Tankou mwen menm, mwen toujou renmen di gwoup Boukmann Eksperyans enfliyanse m anpil ansanm ak Scratch Lee Perry.

Men malgre sa m kenbe pwòp liy mwen, map trase pwòp chimen mwen m vin ak orijinalite m.

Epi mwen vin ak Jaakay la ki se yon lòt stil.

Lòt bagay m ta renmen di jèn sila yo se fè mizik ak nanm ou pou w rive touche kè moun ki ap tande w yo pou yo ka transfòme anndan yo. Pou mwen se sa ki fè yon bon mizik se atenn piblik ou pou yo viv yon lòt emosyon, yon chanjman pozitif ak lavi yo ak lavi antouraj yo….

Nap raple atis angaje Jaakay Poweta genyen nan repètwa l divès mizik angaje ki sòti nan rasin epi ki raple nou listwa nou kòm pèp.

Klike sou lyen sa yo pou kapab gade 2 dènye mizik li yo epi abòne ak chanèl YouTube li a pou ankouraje l epi pèmèt plis moun wè travay li yo.

Lafimen: https://youtu.be/Nc5gKcehdDU

 

Vèvè :    https://youtu.be/fhjedG0GC-Q

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.