ACTUALITÉS

Selebrasyon Fèt Notre Dame Du Perpétuel Secours nan Haut-Moustiques, 3e Seksyon Kominal Bassin-Bleu

Yon gwo mès pou di Granmèt la mèsi, te  chante maten lendi 27 jen 2022, anndan Chapèl Haut-Moustiques la, nan okazyon selebrasyon Fèt Notre Dame du Perpétuel Secours, Patwòn peyi Dayiti, Patwòn Haut-Moustiques tou, 3e Seksyon Kominal Bassin-Bleu.

Selebran prensipal la, reveran pè Ricardo Dieujuste nan omeli sikonstans lan, fè konnen maladi Vèrèt ki te konn touye moun pa ban ak pa pakèt nan peyi Dayiti, nan lane 1882 retounen pirèd nan peyia sou 04 fòm ki se : Lanmizè, Grangou, Ensekirite ak Manti. Devan 4 gran flewo sa yo kap ravaje peyi Desalin nan,  pè katolik lan, Rev Père Ricardo Dieujuste ,mande pou pèp Ayisyen an pran responsabilite l pou rive sove peyi saa anba grif lòt nasyon.

Kanta jèn yo, reveran  pè a egzòte yo pou yo pran Lekòl yo ak etid yo oserye paske se yo menm ka pral asire desten peyi a .

Mès sila te selebre anprezans divès Otorite Politik ak etatik pami yo : ansyen majistra Komin Bassin-Bleu a, misye Laguerre Pierre Antoine, sibtiti Komisè gouvènman Pòdepè a Me Jéir Pierre, katel Ajan Egzekitif Enterimè Komin Bassin-Bleu a, Kowòdonatè KASEK Seksyon an, misye Elma Elinord, direktè depatmantal polis nòdwès la Jean Bruce Myrtil, pè, pèleren, fidèl katolik ki te soti toupatou ,,,pou n site sa yo sèlman.

 

Haut-Moustiques,

3e Seksyon Kominal Bassin-Bleu

Robens Aristilde 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.