SOCIÉTÉ

Ayiti-Sosyete: KATIZANA: Yon inisyativ prizonye yo pou yo rale yon souf 

KATIZANA se yon òganizasyon 2 prizonye mete sou pye nan lane 2017 pou mete devan travay atistik y ap fè nan sant penitansye nasyonal la. Inisyativ sa tanmen nan lide pou reponn ak defi yo ap fè fas nan prizon an kote viv nan bonjan kondisyon pa yon priyorite pou otorite sant penitansye yo.

Prizonye yo kole zepòl pou mete sou pye òganizasyon an ki non sèlman ap pèmèt yo jwenn yon okipasyon nan prizon an pou konsantre lespri yo, men tou y ap pèmèt yo jwenn mwayen ekonomik pou amelyore move kondisyon lavi yo nan prizon an.

KATIZANA se yon mo pyese apati «Kat» epi «Atizana», kidonk se yon òganizasyon espesyalize nan fabrikasyon kat atizanal tout kalte : anivèsè, remèsiman, fèt nowèl, fèt manman, fèt papa, fèt amoure, maryaj, elatriye. Enstitisyon an marande 3 objektif: ede prizonye yo siviv, ede yo peye avoka yo pou jwenn yon desizyon jistis, ede yo sispann panse ak vanjans oswa touye tèt. Se nan lide sa prizonye yo fè atelye travay sila nan penitansye nasyonal ak lòt sant detansyon nan peyi a, pou fabrike kat desen, epi mete sou pye yon komite ki responsab pou asire vant yo nan tout sosyete a.

Daprè Youvica CHERUBIN, kowòdonatris jeneral enstitisyon an, kreyasyon enstitisyon sa se yon rale souf pou prizonye sa yo ki jwenn yon okipasyon pou pèmèt yo sispann fè vye lide sou pwòp tèt yo nan prizon an, epi retire nan tèt yo tout lòt vye lide ki p ap itil yo vrèman. Daprè kowòdonatris la, mwayen vant yo ap pèmèt 50℅ al jwenn prizonye yo pou yo achte manje, ak materyèl ijyenik, 20% rantre nan ribrik avoka, lè atis prizonye yo bezwen yon sipò pou avoka, epi rès 30℅ an pou fonksyonman komite a (ribrik lojistik).

KATIZANA se travay mete men ki reyini plis pase 30 prizonye ki fè yon atelye nan penitansye nasyonal pou pwodui kat nan kondisyon difisil men ki fyè de tèt ansanm ki rann travay nanm sa a posib, yon travay ki makònen prizonye ak prizonye nan yon menm rèv ki se, amelyore kondisyon lavi. Se plis pase 50 kat desen yo pwodui pa jou, pou yon total 1500 kat pa mwa. Atis prizonye sa yo travay andedan selil yo sou plas kabann yo, chak fwa atelye a bezwen materyèl yo, yo prepare yon lis pou soumèt komite a ki atyèlman genyen 13 manm.

Pou kounye a gen yon kongregasyon relijye ki fè patenarya ak komite a pou vann kat desen yo nan peyi etranje, «Inter congrégation Missionnaire» CIM, san konte divès lòt enstitisyon ki toujou louvri pòt yo byen laj pou akeyi ekspozisyon KATIZANA yo tankou: Delimart nan tijo, Eagle market, k-naval market, Delmas 2000, yo prezan tou chak dimanch devan legliz ST Louis Gonzague la, pou site sa yo sèlman. Kidonk chak kat yon moun achte, se yon kontribisyon pou ede amelyore kondisyon lavi prizonye atis sa yo nan sant detansyon yo

N ap note se komite a ki pran chaj achte materyel ki itilize pou fabrikasyon kat desen yo, materyèl bristòl yo dekoupe depi deyò pliske prizon yo pa dako objè tranchan antre nan ansent batiman an. N ap note tou, pwojè a ap fè wout li pliske nan mwa me 2022 a, komite a jwenn otorizasyon pou l louvri atelye desen KATIZANA yo nan sant CERMICOL ak nan prizon mibalè kote yo deja rekrite 20 nouvo atis. Daprè madam Youvica CHERUBIN, komite a gen volonte travay pou louvri atelye nan divès lòt prizon.

 

Guerby JEAN

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.