Divers

Haïti-Insécurité : Qu’est-ce qui peut nous ébranler encore?/Kisa ki kapab fè nou pè toujou?

Qu’est-ce qui peut encore nous étonner sur cette terre, sous le contrôle des bandits armés?Qu’est-ce qui peut encore nous surprendre, sur cette terre, où, l’anarchie gouverne?

Qu’est-ce qui peut encore nous effrayer, sur cette île, où les autorités actuelles, et leurs alliés visibles et invisibles, n’hésitent devant rien, pour garder le pouvoir, dont l’unique objectif: accumulé, surtout accumulé, toujours accumulé de l’argent, ni plus ni moins. Et, ceci dans n’importe quelle condition, à n’importe quel prix, comme la réalité nous le prouve.

Konsa, ki mele Ariel Henry, Berto Dorcé, Edmonde Supplice Beauzile, Michel Joseph Martelly, Saurel Jacinthe, Nenel Cassy, ak tout alye pouvwa yo, Biwo Leta tankou : Primati, lekòl, lopital, tribinal, palè Jistis fèmen, epi yo anba kontwòl bandi!!! Dayè, pou ekip Gouvènans Apeze a, tout Biwo kap bay popilasyon an sèvis sosyal yo, mèt fèmen. Koze konsa pap fè yo ni cho, ni frèt. Yo pap pèdi anyen.

Senpman depi DGI, ladwann, APN ak tout sa nou konnen kap ranmase lajan, ki se Manmèl yo, jwenn yon fason pou yo fonksyone. Gade pou wè, depi Biwo sa yo gen yon ti souke Kò, Kouman Lapolis kanpe, pou mete lòd ladan yo.

Èske nou panse koze Grangou, ki kwaze pye fè l, sou lestomak pwatrinè, Moun Lasalin, Lafosèt, Site Lescot, Site Solèy, Dèyè Fò, Sentelèn…. rive nan zòrèy, ekip k ap jere peyi y’a, sou baz Akò Gouvènans Apeze a? Enben nou menm Ayisyen, nou fenk Kòmanse ap fè rèv je klè. Nou fenk kòmanse ap dòmi kanpe, anba kay koule lapli anvayi ak dlo.

 

Samdi 18 Jen 2022.-
Marcel Poinsard Mondésir 

Image Google pour illustration 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.