Économie

Ayiti-Ekonomi: Bank Santral devwale karakteristik biyè vennsenk Goud la

Soti nan ane 2004 pou rive jounen jodi a (14 jen 2022), sa fè 18 lane depi yon biyè vensenk goud an sikilasyon. Nan yon nòt Bank Repiblik Dayiti mete deyò jodi a, li devwale tout karakteristik biyè lajan sa a.

Sou fas biyè vennsenk goud la gen pòtrè Nicolas Geffrard ki te fèt nan ane 1762, li te mouri nan ane 1806. Nicolas Geffrard se te youn nan ewo lagè epi ki te siyen Ak Endependans lan. « Pitit gason l, Guillaume Fabre Nicolas Geffrard, te vin premye prezidan Ayiti ki fèt apre Endepandans peyi a » daprè sa Bank santral fè sonje.

Bank tout bank yo an Ayiti eksplike foto ki nan do biyè a se Fò Platon ki chita kò l nan komin Ducis nan Okay, nan Sid peyi Dayiti. Nan sa ki konsène eleman sekirite biyè a, BRH fè konnen sou devan an gen yon pòtre ki byen define. Genyen tou yon tèks ki ekri ak lèt piti piti anba pòtre prezidan Geffrard a, nan bò goch.

Sou do biyè a menm, gen yon fil sekirite ki gen plizyè fenèt sou kote l. Ou kapab wè fil sa sèlman si w gen yon machin espesyal pou sa. Sou fil sekirite sa, lè w mete machin lan sou li, w ap ka li yon tèks ki make « BRH ».

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.