Divers

Ayiti-Opinyon : Mwen Endiye

Mwen Endiye

Wi Mwen endiye

Kont lamizè

Depi m tikat kat

Kote ti trip pa sispann vale gwo trip.

Mwen Endiye pou

Kwa madoulè

Souflèt marasa

Tout Mas Pèp

Sila yo yo rele

Gwo zòtèy yo

Ouvriye, Ouvriyèz

Pwoletè

K ap goumen kont

Sosyete miwo miba ap

enflije,

flajele

timounize

Yon mannyè pou

Efase yo nan lis LIMANITE.

Wi Mwen Endiye

Kont laperèz

Ki kanpe ankwa

Sou 4 chemen lavi

Yon Pèp Ki pa konn

Ki wout pou l fè.

Lè l mete Tèt nan Sid

Li rankontre ak jeneral Izo, Tilapli

Ki di l Rete la

Depi yon lane

Matisan se youn nan pi gwo Simityè Ayiti genyen

Nan Zòn Nò a

400 Mawozo ak lòt machann Lanmò G9 an fanmi e alye

drese barikad lanmò yo

Tankou Timoun k ap tann

Pèlen pou Tizwazo

Depi w tonbe ladan l

Ou bat lakanpay

Sa vle di, lavi w fini.

Mwen fout pi Endiye

Lè mwen wè

Se nan peyi m sèlman

Reprezantan Kominote Entènasyonal la

Fè yon sèl

Nan yon regwoupman

Batize

Core Group

Men se yon Òganizasyon

Mafya, Malfektè, bèk fè

Pou mete Pye yo

Pifò toujou sou kou n

Kote tout bon

Yo Wete souf nou

Nou pa fouti respire

Ayiti pa fout

Kapab respire

Core groupe Ale w ……

Patwon yo menm ak boujwazi santi dou a

tounen Aspiratè pou rale San nou

Nan monte piwo degre pri tout pwodui

Nan pran Kouraj Nou pou 5 kòb kwiv

Yo sèl mèt teren an

Yo fikse pri yo

Jan yo vle, lè yo vle.

Dayè yo tou mete

Komisyon pou restavèk yo

Nan pouvwa ladan l.

Otorite Leta ak tout Enstriman kraze zo yo

Sèl misyon yo

Kenbe Pèp la

Nan angrenay la

Aplike lòd chèf yo

Mete pikan kwenna

Chak Jou sou

Chemen liberasyon an

Ak zouti

Kraponay, pwopagann, represyon epi lanmò.

Mwen fout pi Endiye

Lè w tande epi wè

Maksis

Vin

Makout

Pwogresis

Vin

Egoyis.

Òganizasyon Dwa moun

Vin

Sèvis siveye rapòte.

Tout Moun se moun

Vin

Zafè kabrit pa zafè mouton.

Endiyasyon an melanje ak yon Kè plen

Lè w ap viv Kouman

Awogans kidnapè, Vòlè, vyolè ak Asasen tout kalte sèl kòk chante ap taye banda epi sosyete a ap gade yo san li pa pran Sanksyon sosyal ak lajistis kont yo.

Tout sa k Endiye tankou m, An nou Aji pou Endiyasyon an pa fè nou disparèt.

 

 

Marcel Poinsard MONDÉSIR

Juin 2022.-

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.