Économie

Ayiti-Ekonomi: Lansman pwogram 10-10-20 BRH la pou sektè imobilye ayisyen an

Bank santral lanse «10-10-20», yon pwogram ekonomik k ap fè pwomosyon pou devlopman imobilye, epi pèmèt sitwayen yo jwenn kòb prete pou achte tèren oubyen konstwi premye kay yo. Yon prè y ap ranbouse nan 20 lane sou yon baz enterè fiks 10%.

Nan aprèmidi madi 7 jen an, nan otèl Karibe Convention Center ki chita kò l nan Jivèna (Juvénat). Gouvènè bank santral la, Jean Baden Dubois, ak lòt kad nan bank repiblik la fè lansman ofisyèl pwogram 10-10-20 an. Yon pwogram prè ekonomik yo mete sou pye pou favorize konstriksyon lojman rezidansyèl. Pwogram sila ap fè pwomosyon tou pou bon kalite lojman epi devlopman sektè imobilye nan peyi a pou favorize bonjan devlopman ekonomik.

 

Kisa pwogram 10-10-20 an ye ?

Aprè de pwemye pwojè bank repiblik la te lanse, «Kay Pa m» aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la, swa septanm 2010, pou te rekonstwi kay evènman an te pote ale yo, answit nan me 2017 “Pwogram pwomosyon devlopman imobilye” (PPDI) ki anba gwo difikilte pa t bay twòp rezilta pase sa. Bank santral peyi a lanse yon twazyèm pwogram, «10-10-20», yon sistèm prè lontèm ki vle di: 10% lajan pèsonèl patikilye a, 10% to enterè, epi 20 lane. Kidonk, entèrese a dwe genyen 10% valè lajan l ap prete a; l ap ranbouse a 10% to enterè sou yon baz to fiks, epi l ap ranbouse dèt la sou yon peryòd 20 lane, swa matirite prè a.

Daprè gouvènè Jean Baden Dubois, 10-10-20 se yon pwogram ki pran plis pase 2 lane konsepsyon. Li temwaye enterè enstitisyon regilatè mache chanj la genyen pou sektè imobilye a nan peyi a, epi bay ogmantasyon demann nan sektè a yon gwo repons. Pou M. Dubois, sektè imobilye reprezante yon gwo moso nan kwasans ekonomik tout peyi, li deklare: «Pwogram sa a bay posiblite pou jwenn yon finansman fasil pou konstwi kay oubyen vilaj rezidansyèl».

 

Nan diskou li te fè nan sikonstans lan, gouvènè a pran swen pase men sou diferan objektif pwogram nan ki ap pèmèt daprè sa li di, sitwayen yo fè premye kay yo san depanse pakèt lajan, trase wout pou kopwopriyete nan ekonomi peyi a, leve plim sou do plis envèstisè pou envesti nan devlopman imobilye nan peyi a nan tèt kole avèk pwomotè imobilye yo, pou n site sa yo sèlman. Pou reponn defisi lojman peyi a ap fè fas , gouvènè a kwè pou fè fas ak kwasans demografik epi leve defi yon bon kay ki respeke nòm estanda yo, nan ane k ap vini yo, n ap bezwen rekonstwi oubyen remanbre pou pi piti 50 000 Kay chak ane pou bout 2025, daprè sa bank Mondyal ak ajans leta ameriken pou devlopman entènasyonal (USAID) fè kwè.

Kijan yon patikilye oswa yon fanmi ka benefisye pwogram 10-10-20 an?

Kondisyon pou yon patikilye oswa yon fanmi benefisye oubyen rantre nan pwogram sa a divès, premye pa a se pou patikilye a jwenn yon tèren oswa yon kay ki entèrese l, konstriksyon an pa dwe depase ekivalan an goud 150 000 ameriken, ( to referans lan multiple pa montan an, ap bay ekivalan an goud). Dezyèm pa a se pote dosye ou nan bank ou, paske se li menm k ap mande bank santral finansman an pou ou, sa ki montre bank santral ap travay nan tèt kole ak bank yo nan kad pwogram sa a, sa vle di se bank ou a k ap apwouve demann ou a.

 

Pou ou ka bon tout bon vre nan pwogram sa, ou dwe genyen 10% montan lajan w ap prete a epi lòt tikòb pou w peye notè ak DGI pandan tranzaksyon an. Bank ou a bò kote pa l ap mete 20% epi BRH ap mete rès 70% an pou pèmèt ou konstwi kay ou te toujou reve a. Pou pèmèt enstitisyon finansyè yo fè fas ak defi ki ka pandjye sou yo nan pwogram sa a, li mete yon fon garanti ki egal a 30 000 ameriken pou enstitisyon finansyè yo, swa 100% lajan y ap envesti nan acha imobilye pou patikilye a.

N ap note prè yo ap fèt an goud, kidonk nan peryòd ranbousman yo p ap gen kastèt pou chèche dola ameriken. N ap raple tou, pwogram 10-10-20 plis sible klas mwayèn nan faz li ye a daprè sa youn nan kad yo deklare. Li plis chita nan kole zepòl ak bank yo, men gen jefò k ap tanmen pou l tabli nan koperativ yo, anplis li p ap finanse acha kay tou fèt, sof si 50% nan lajan an ap sèvi pou reparasyon kay ki entèrese patikilye a.

 

Guerby JEAN

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.