SECURITE

Nòdwès-Ensekirite: Bandi kidnape reveran pè Clercuis Dorvilus kire pawas legliz Sen Michel Archange komin Basen Ble a ak 3 lòt moun 

Dimanch 5 Jen 2022 an, bandi ak zàm kidnape Rev pè Clercuis Dorvilus kire pawas Sen Michel Archange nan Laplat, Nerak 1e seksyon kominal Basen ble. Bandi sa yo ki te ame ak gwo zam fann fwa rantre nan Presbitè a kidnape Père Clercuis ansanm yon frè l, yon sè l ak yon pèsonaj ki fè pati Legliz katolik la. Bandi sa yo, pote ale tout sa yo te jwenn nan pawas la.

Nouvèl la lage popilasyon Nòdwès la, abitan nan Basen ble, sektè relijye a nan yon gwo refleksyon akoz bandi sa yo pa epanye ankenn moun sou pasaj yo.

Nap raple, premye zak kidnapin ki te fèt nan 1e seksyon Laplat, lokalite Nerak, komin Basen ble nan depatman Nòdwès, se te sou Merès Basen ble a, youn nan manm Ajan Egzekitif Entérinè Komin nan, Madam Milouse Pierre , nan lane 2021. Se te mari l, Mélicier Rosier ki te dèyè zak kidnapin sila.

Lapolis nan Nòdwès te rive arete l men nan yon ti bout tan te rive jwenn liberasyon l sou lòd ansyen Komisè gouvènman Pòdepè a, Me Bellamin Jean Volney.

 

Aristilde Robens

Depatman Nòdwès ,

 Impulse WebMedias

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.