EDUCATION

Ayiti-Edikasyon: Lise Nasyonal Petyonvil, sakre chanpyon 7è edisyon konkou Jeni entèskolè EDUPOL la

Pou ane akademik 2021-2022 a, Lise Nasyonal Petyonvil ranpòte final 7è edisyon konkou Jeni entèskolè ki te mete bab pou bab plizyè lise ak kolèj; yon viktwa byen merite pou lise Petyonvil la ki bat Lise Peyton nan final, 248,5 pwen a 217.

Jounen Jedi 26 Mai a, nan «Gymnasium Vincent» ki chita kò l nan pòtoprens, final gwo konkou jeni entèskolè 2021-2022 a te dewoule. Nan yon anbyans festif devan je Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmi Maniga (Nesmy Manigat) ak divès lòt dignitè nan la polis nasyonal la, spesyalman nan EDUPOL. Lise Petyonvil pran premye pri 7èm edisyon an sou Lise Peyton.

Pou ane akademik sa konkou a te dewoule anba tèm « Construisons notre citoyenneté avec EDUPOL», «Ann konstwi sitwayènte n avèk EDUPOL», yon kole zepòl ant enstitisyon polis kominotè eskolè a, EDUPOL , ak ministè edikasyon nasyonal la. 16 lekòl prive kou piblik te reyini pou goumen ak lakonesans yo pou genyen konkou edikatif sila a.

7è edisyon jwèt eskolè sa te mete devan twa lise: Lise Nasyonal Petyonvil, Lise Petyon ak Lise kafoufèy, ki yo menm fini twa prensipal gayan yo. Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmi Maniga (Nesmy Manigat), pa t rate okazyon pou salye patisipan yo, leve yo byen wo nan louwanj, kalifye yo «modèl pou lajenès.»

Nap raple, premye edisyon konkou sa a te tanmen nan lane 2016, yon lane aprè kreyasyon EDUPOL, nan lide pou enspire jèn elèv yo kraze bèt yo nan aktivite lekòl yo. Lekòl piblik kou prive envite chak ane pou klewonnen potansyèl yo. N ap raple tou, ane akademik pase a, lise nasyonal Jak Roumen (Jaques Roumain) nan gran ravin te ranpòte 6è edisyon an, sa pa t manke atirasyon tout sektè pa rapò sitiyasyon sekirite lekòl la nan zòn nan.

 

Guerby JEAN 

Impulse WebMedias

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.