Culture

Ayiti-Edikasyon: «Kreyòl, lang pou fè lasyans», tout lengwis yo dakò

Anbasad peyi Lespay an Ayiti tanmen yon gwo konferans-deba anba tèm: «Kreyòl, lang pou fè lasyans», nan gwo woumble sila a divès lengwis ayisyen, akademisyen ayisyen, ak lòt chèchè entranje demontre klè kou dlo kòk devan etidyan fakilte lengwistik aplike (FLA) yo ak divès lòt pèsonalite, rezon ki fè lang kreyòl ayisyen se meyè zouti pou fè edikasyon pou tout ayisyen, epi montre ak agiman solid itilizasyon kreyòl la kòm zouti pou fè lasyans, ap pèmèt tout chèchè ayisyen yo fè «dekabès».

Jounen mèkredi 25 me a, nan otèl El Rancho nan Peytonvil, Anbasad Lespay an Ayiti tanmen yon gwo woumble anba tèm «Kreyòl, lang pou fè lasyans», divès lengwis ak chèchè peyi etranje te pran lapawòl pou montre byen fonde ki genyen nan fè lasyans ak lang manman ayisyen. Lengwis Michel De Graff, Rogeda Dorcé Dorcil, prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), ak lòt pwofesè etranje tankou: Doktè Haynes Miller (MIT), Doktè Jon Sarasua, tout defann lide ki fè kwè lang kreyòl la dwe tabli kò l nan tout chapant peyi a, soti nan lekòl pou bout nan administrasyon piblik ak prive yo.

«Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba» / «Kreyòl pou yon lekòl tèt anwo»

Konferans deba a tanmen ak diskou Anbasadè Lespay la, M. Sergio Cuesta Fransisco ki plezire òganize yon evènman parèy ki enskri nan kad yon kolaborasyon solid ant de peyi yo,( Ayiti ak Lespay). Touswit aprè diskou rektè Inivèsite Leta Dayiti a, M. Fritz Deshommes, ki salye kokenn chenn bat bouch la pou make pati inogirasyon jounen an.  Prensipal entèvenan yo te tanmen seyans akademik la, pou manyen nan premye moman Istwa Lespay ak peyi Dayiti nan yon kontèks kolonyal, nan sans sa Doktè nan lengwistik la, Michel DeGraff wè nan avennman an yon «jès ekstrawòdinè pou listwa de pèp yo».

Pwofesè nan Enstiti Teknoloji Masachosèt la, «Massachusetts Institute of technology» (MIT), raple imilyasyon lang kreyòl la ap pran anba vye diskou, tankou jan sa fèt nan lekòl, ak nan sosyete a nan rapò fòs kote ki genyen tretman de lang yo, li deklare: « Legliz katolik responsab edikasyon oubyen mal edikasyon timoun yo» , li kwè pi gwo resanblans nan mitan Ayisyen, se kreyòl. Direktè inisyativ MIT-Ayiti a pa mete dlo nan bouch li pou l pale sou diskou dwategòch kreyòl la sibi, nan menm sans ak kilti peyi a, «ou ta di nou pa moun, lang nou pa lang, relijyon nou pa relijyon» daprè sa li deklare, li rapousib pou l di: «kreyòl se yon achiv konesans». Pou li menm «Frankofoni» se yon eleman esansyèl nan politik Lafrans, pou l gen menmiz sou bout tè a.

Devalorisyon lang kreyòl la ak kilti peyi a, pou bay jarèt ak «Je dois m’exprimer en Français» yo, se rejte idantite n kòm pèp, menm jan ak ansyen pwofesè Yves Dejean, otè Liv, «Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba» li kwè Ayiti dwe sèvi ak kreyòl kòm zouti nesesè pou tabli fondazyon pou «lekòl tèt anwo». Nan menm sans lan, kòlèg li a nan MIT, Haynes Miller, matematisyen ameriken , montre nan entèvansyon l lan ki te fèt an anglè, travay pwogrè MIT-AYITI ap fè gras ak esperimantasyon lang kreyòl kòm zouti pou transmèt lakonesans. MIT-AYITI se yon gwo platfòm, lengwis, kreyolis Michel DeGraff ap dirije, k ap lite a travè bonjan kalite materyèl l ap mete sou pye, pou pèmèt lang kreyòl ayisyen fè dekabès nan tout chapant sosyete a, espesyalman  nan lekòl ak domèn lasyans. Yon gwo jefò ki temwaye etap senp lang oral lang la ap kite pou rantre fon nan lasyans.

«Defi lang kreyòl ayisyen an, pou l ka trete lasyans»

 

Nan yon entèvansyon manm, Prezidan akademi kreyòl ayisyen an, Rogeda D. Dorcil pa danse kole li menm tou ak diskou ki pa kanpe sou anyen y ap fè sou lang kreyòl la, li rele yo «diskou pikan kwenna» e raple «lang revolisyonè a» ap debat anba tout represyon, tout diskriminasyon, tou prejije sosyolengwistik yo. Li menm tou kwè gen yon reyèl jefò ki pou fèt pou travay amenajman lengwistik yo fèt an pwofondè pou «aprann lasyans pale kreyòl.» Reprezantan AKA a kwè, kreyòl Ayisyen an gen jèvrin pou kenbe deba sou tout syans, pou l fè diskou syantifik menm jan ak tout lang. Li montre tou, nan yon kontèks jewopolitik Ayiti sèl peyi k ap bat lestomak ak lang franse, peyi ki prè yo pale swa espayòl, swa anglè.

Lekòl, legliz, biwo, andministrasyon gen anpil jefò ki pou fèt, pou entegre kreyòl la tout bon vre, pwofesè nan fakilte lengwistik aplike a (FLA) raple tou, akademi an pa gen okenn pouvwa pou pini ni moun ni enstitisyon si pa vle kreyòl blayi kò l, men l ap fè bonjan jefò ki dwe fèt pou lang kreyòl la gen reyònman li merite a nan peyi a, atravè bonjan rekòmandasyon. Li fini pou l di : « Bwawon Tonè (Boirond Tonnerre) rate randevou poze yon zak politik ak lang kreyòl la, lè li pa t ekri batistè peyi an kreyòl.» yon manyè pou raple pouvwa politik lang lan, jan lòt peyi itilize pa yo pou yo se sèl kòk chante nan fè komès, elatriye… Oubyen jan lòt rejyon tankou rejyon bask yo goumen pou tabli nòmalizasyon lang bask la yo t ap benyen nan labou menm jan ak kreyòl la, ki jodia pran chimen lasyans.

«Eksperyans lang Bask, lang oral ki vin lang lasyans»

Nan dènye entèvansyon pati akademik jounen an, Sosyològ Jon Sarasua (Inivèsite peyi Bask) montre nan entèvansyon l lan ki te fèt an espayòl, eksperyans lang bask la Pa depaman ak lesyèl lang kreyòl ap monte pa do a pa bò isit. Menm jan ak kreyòl la, lang bask la te entèdi nan rejyon bask yo, yon rejyon ant Lafrans ak Lespay. Nan mitan de lang ejemonik, men jan pèp bask la te fè sa, li kwè pèp ayisyen an ka makonnen otou yon «rèv kolektif» , yon bonjan aktivasyon sosyal, kote tout moun nan sosyete a deside travay pou lang lan, laprès, lekòl, Leta, popilasyon elatriye…

Li kwè tou, sa dwe fèt nan gouvènans endepandan k ap mare sosis li ak pèp la tout bon vre pou aktivasyon sosyal la pouse rekonesans lang la. Li kwè, Ayiti devan yon opòtinite istorik e enpòtan, pou soti nan diskriminasyon ak represyon lengwistik nan lekòl yo pou l rezoud pwoblèm « fonksyon nasyonal ak entènasyonal » yon mannyè pou lang lan tabli kòl fòmèlman nan kat kwen peyi a, ak reprezante peyi patou sou latè.

Tout etidyan, pwofesè, akademisyen ki te la ak minis ledikasyon an Nesmy Manigat ki salye kokenn chenn bat bouch sila nan yon entèvansyon a distans, te bat bravo lakontantman pou gwo pataj lakonesans sa ki mete lang kreyòl ayisyen an li wo nan deba syantifik yo. Woumble sila a te bout nan anbyans mizikal san parèy, kote pou premye pati chantè Ayisyen, BIC Tizon Dife t ap chante ak Doktè Jon Sarasua, nan melanj kreyòl ak lang Bask, menm si pyès moun pa t ka konprann lang Bask la, melodi a te pale klè, trans konpreyansyon yo te rete nan souri ak sou figi espektatè yo ki pa t sispann bat bravo byen fò.

 

Guerby JEAN

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.