ACTUALITÉS

Ayiti-Jistis: Prizon Ayiti se tankou lanfè

“An Ayiti pa gen prizon, se lanfè ki genyen”. Nou sot site pawòl yon enspektè polis ki t ap analize sitiyasyon prizon yo nan peyi a. Nan yon brase lide Redaksyon Jounal la fè ak yon enspektè polis, li penn yon tablo tris sou sitiyasyon moun ki nan prizon yo ak sila yo ki nan gadavi. Pou li menm, nou poko ka pale de prizon nan peyi a. Enspektè sa ki mande pou non l pa site, montre chak moun ki antre nan prizon se tankou lanfè l ale.

Nou te pran egzanp kote yo mete moun nan prizon Tigwav la. Pou moun ki pa t konnen, se pa yon prizon li ye. Se 2 ti chanm ki te konn sèvi pou mete moun an gadavi. Depi apre 2004, li transfòme an prizon.

Gen plis pase 100 moun ki fèmen nan 2 ti chanm sa yo. Chak jou ki pase kantite a ap ogmante. Poutan espas la toujou rete jan l te ye a. Koulye a, sitiyasyon an vin pi malouk. Depi apre tranbleman tè 14 dawout 2021 an gen prizonye ki sòti lòt kote tankou Okay ak Ansavo ki vin Tigwav.

 

Vennde (22) jou konn pase san dlo pa janm koule nan wobinè prizon an. Sa lakòz prizonye yo kapab fè plizyè jou san benyen. Nan move kondisyon prizonye yo ye a lakòz yo devlope anpil maladi. Konsa tou genyen ki konn mouri anndan an. Sa pa gen lontan, gen 3 ladan yo ki sot mouri nan mwa me 2022 sa. Yo fè kwè prizonye ki mouri yo te gen tibèkiloz ak lafyèv.

Isaac Jean se youn nan moun ki mouri yo. Lapolis te mete men nan kòlèt li poutèt li ta patisipe nan touye yon frè l. Li mouri nan dat 19 Me pase a. Lòt de (2) yo se Lamy Frantzy, lapolis te arete l pou zam ilegal epi asosyasyon malfèktè ak Jeudy Phanor lapolis te arete pou agresyon seksyèl ak detounman minè.

Fòk nou di, se pa premye fwa prizonye yo ap tonbe malad nan prizon Tigwav la. Malgre gwo rèl òganizasyon dwa moun tankou Vizyon Ayisyèn Dwa moun (VHDH) fè nan tèt Leta, pa gen anyen ki fèt.

 

Lè yon moun antre lakou Komisarya kote prizon an ye a, move lodè k ap degaje di w pa pwoche. Polisye ki afekte nan komisarya a konn tonbe malad menm jan ak prizonye yo. Gen anpil ladan yo, ki konn oblije pran konje pou y al swiv trètman tèlman yo respire move lodè k ap soti anndan selil yo. Malgre tou yo reziye yo.

Poutan gen yon prizon tou nèf ki konstrui Tigwav depi plis pase 4 lane. Jiskaprezan Leta poko janm gen otorizasyon pou mete prizonye yo ladann. Apre tranbleman tè 14 dawout 2021 an, polisye yo te mete prizonye ladann pase 2 ti chanm kote yo te a te andomaje. Anviwon yon mwa apre, anbasad amerikèn pase lòd pou retire prizonye yo nan kay li fè a. Polisye yo pa t gen lòt chwa, yo te bije egzekite lòd chèf. Kon di, depi chèf fin pale tout moun se di “Avozòd”.

 

A kote lòt pwoblèm ki genyen nan prizon Tigwav la, prizonye gen difikilte ou jwenn manje pou yo manje. Li te mèt se yon mamit pwa, se Pòtoprens pou l soti. Semèn sa, polisye ki responsab manje pou prizonye yo pa konn ki sen pou l rele. Kote ki konn bay manje pou prizonye yo di l pa genyen.

N ap souliye enstans ki pi wo plase pou jere manje pou prizonye yo konn regle afè pa yo tou ak manje yo. Men, yo pa vle tande moun ap di prizonye yo pa gen manje. Sou rèy ansyen Komisè Gouvènman, Fourgy Pierre li te konn fè demach bò kote lòt enstans pou jwenn manje pou moun ki nan prizon ak nan gadavi yo. Yon jou, li te 6 zè nan maten konsa, 4 Nisann Patwòl vit tente vin estasyone devan kay komisè a nan Leyogàn. Yo di l piga yo janm tande l ap di prizonye pa gen manje ankò. Depi lè a, menm si prizonye yo pa jwenn manje Komisè a pa t janm pale pawòl konsa ankò jouk li mouri.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.