ACTUALITÉS

Ayiti-Jistis: Kisa ki yon Fondepouvwa ?

Yon fonde pouvwa se yon moun ki envesti de pouvwa pwokirasyon poul aji nan non yon lòt moun ou yon sosyete.

Fondepouvwa a se yon etidyan ki fini fè 2 lane nan dwa ki pwal fè twazyèm ane. Se pa konsa konsa ou vin fondepouvwa. Gen lwa nan peyi Dayiti ki di jan sa dwe ye.

Lwa ki pale de fondepouvwa a se yon lwa ki la depi 6 jen 1919 e nan lane 1942 ak 1952 te gen kèk modifikasyon nan lwa sa.

 

Yon fondepouvwa se yon defansè piblik ki ka reprezante kliyan li selman nan dosye ki nan konpetans tribinal de pè. Apre 2 lane nan dwa a sa pa vle di ou tou fondepouvwa, non fòk ou prete sèman devan tribinal de pè zòn ou pwal afekte a.

Men sèman fondepouvwa yo prete a « je jure d’ observer les lois et règlements en vigueur, de respecter les droits de mes concitoyens et de défendre avec honneur et conscience les intérêts qui me sont confiés ».

Fondepouvwa a pa ka deside al travay nan tribinal de pè li vle , nan lang fransè yo di li pa gen « plenitude de juridiction », konpetans fondepouvwa a teritoryal     ( rationae loci). Si fondepouvwa a gen pou li asiste yon kliyan devan yon lòt tribinal nan yon lòt komin diferan de kote yo fikse domisil pwofesyonel li fòk jij de pè nan tribinal kote li afekte a ba li yon pèmi espesyal pou sa. Men nan okenn ka fondepouvwa a pa ka al asiste yon moun devan yon tribinal de pè jiridiksyon yon lot tribinal premye enstans.

 

Lwa ki pale de fondepouvwa yo di tou depi yon moun te okipe yon fonksyon pandan 5 lane nan tribinal ( ansyen jij , e sipleyan jij de pè , ansyen grefye tribinal premye enstans ou jistis de pè , elatriye) ou kapab plede pou moun devan tribinal de pè .

Yon moun ki pa respekte sa lwa sa di a ki vin plede pou moun devan tribinal yo kapab pousuiv li paske lap egzèse ilegalman yon pwofesyon.

Nan pwofesyon avoka gen òd disiplin men pa gen sa pou fondepouvwa yo, moun ki la pou voye je sou dezòd yon fondepouvwa fè se jij de pè kote lap travay la e komisè gouvenman jiridiksyon li an. Depi yon fondepouvwa fè yon zak li kapab jwenn avètisman, reprimand e menm sispansyon soti yon mwa pou pi pitit a 12 mwa pou pi plis. Yon Fondepouvwa yo bay sanksyon sa ka egzèse dwa rekou li , si se jij de pè ki bay sanksyon an li ka fè rekou devan komisè gouvenman e si se komisè gouvenman ki bay li li ka fè rekou devan ministè lajistis.

Selon zak fondepouvwa a fè a sou kliyan oubyen lòt yo kapab radye li pou lavi pou li pa egzèse pwofesyon sa a jamè. Sanksyon sa li menm se konpetans ekskliziv tribinal premye enstans li ye e apre ka gen apel.

Aussi simple que ça !!!

𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C’est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu’il en a reçu.
A. Einstein.
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Ce texte n’est pas sécable. Si vous souhaitez le partager, il doit rester entier et n’oubliez pas de mentionner sa source
✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Vous ne nous suivez pas encore sur les réseaux sociaux ? Alors qu’attendez-vous ? pour suivre toute notre actualité Rejoignez-nous sur:
• 𝗙𝗮𝗰𝗲𝗯𝗼𝗼k en cliquant sur le lien suivant : https://www.facebook.com/fleremelaw/

• 𝗧𝘄𝗶𝘁𝘁𝗲𝗿 en cliquant sur le lien suivant : https://mobile.twitter.com/pflereme

• 𝗜𝗻𝘀𝘁𝗮𝗴𝗿𝗮𝗺 en cliquant sur le lien suivant: https://www.instagram.com/pflereme

• 𝗟𝗶𝗻𝗸𝗲𝗱𝗶𝗻 en cliquant sur le lien suivant : http://linkedin.com/in/pelex-flereme-87692735

. 𝐘𝐨𝐮𝐭𝐮𝐛𝐞 en cliquant sur le lien suivant : https://youtube.com/channel/UCW3edPlGe4ndftrsSWgO2Lw

. 𝐓𝐢𝐤𝐭𝐨𝐤 en cliquant sur le lien suivant: https://vm.tiktok.com/ZM8QxWQ6D/

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.