SECURITE

Ayiti-Sekirite: Enstalasyon yon nouvo direktè nan tèt direksyon polis Nòdwès la.

Yon nouvo direktè rive enstale, nan dat jedi 14 avril 2022 an, nan tèt direksyon depatmatal polis Nòdwès la. Jean Bruce Myrtil, ki tap travay nan biwo santral vini ranplase Komisè Divizyonè Daniel Compère, transfere nan depatman Sid la.

Enstalasyon sa fèt anprezans divès otorite nan aparèy jistis la, ak plizyè manm nan sosyete sivil la.

Se te enspektè jeneral polis nasyonal la, Joany Canéus ki te pwosede ak enstalasyon sila a.

Nan entèvansyon l, IG Canéus mande popilasyon an pou kolabore ak nouvo direktè depatmatal la, Jean Bruce Myrtil pou rezoud fenomèn ensekirite a nan rejyon an.

Nouvo direktè a, Jean Bruce Myrtil, bò kote pa l, pwomèt pou l travay men nan men ak popilasyon an pase pran otorite konsène yo pou rive frennen fenomèn Kidnapin nan ki lakoz popilasyon Nòdwès la ap dòmi yon je, yon je fèmen.

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.