Divers

Nou bezwen chanje mantalite n : yon mesaj enpòtan Chrisnette Saint Georges lanse pou fen ane a ak tout konpatriyòt ayisyen yo

Bonswa tout pouvwa ak mèvèy ki la nou tout genyen anpil potansyalite nan domèn pa nou. Jodia se 27 desanm, rete sèlman 4 jou pou ane a fini!

Pa fè kredi, pa depanse anpil, ou dwe pataje, bay moun, fè kè yo kontan jan ou kapab !

Mwa janvye a long anpil !

Byen jere sa ou genyen !

Eske ou konnen si w potko gen anyen de byen ou te fè nan vi w ou gen ase tan pou ou fè l ?

Ou bezwen chanje sa ki pa bon yo an bon bagay, ou bezwen chanje mantalite anyen pa posib an mantalite tout bagay posib !

Ou bezwen chanje mantalite dekourajman pandan w ap ankouraje moun.

Ou bezwen chanje pale mal an felisitasyon

Ou bezwen chanje mantalite wè vè mwatye vid la an mwatye plen !

Ou bezwen chanje mantalite ki di anyen pa posib nan peyi Dayiti ak tèt ansanm tout bagay posib !

Ou bezwen chanje mantalite ki di pa genyen anyen k ap mache ak moun sa si mwen pa mete men m tou pou sa mache pi byen !

An nou sansiblize youn lòt pou nou sispann telespektatè nou dwe rantre nan lane 2022 a kòm Aktè chanjman nan komin nou, nan lokalite nou, nan seksyon kominal yo, nan zòn yo !

Nou dwe sispann pale gouvènman mal an nou fòse yo pran responsablite yo pandan nou ap kolabore pou devlope komin nou

Se nou k ap viv , minimòm nan nou dwe fòse leta travay pandan nou pap kwaze bwa nou. Nou se AKTÈ kounye a !

An nou sansibilize youn lòt pou nou devlope mantalite nou sòti nan fènwa rantre nan limyè !

Lè yon moun ap pale moun mal san prèv, lè yon moun ap detwi moun san prèv, èske ou konnen kantite moun ou ap mete nan soufrans ?

Nou bezwen chanje mantalite sa an mantalite pwogrè !

Rale yon moun ki devan fè bak li te devan l ap toujou devan ou menn ki ap rale l la ou ap toujou rete dèyè !

An nou elimine mantalite krab la an nou sansiblize youn lòt pou nou tounen ÈG, l ap bon pou nou tout !

Lè yon moun nan yon zòn avanse, li fè pwogrè li fè onè zòn lan tout kote li pase se de zòn lan y ap pale, se pa de moun lan !

Ou menn ki nan zòn lan ou kontan ou fyè paske ou tande y ap pale de komin lan !

Se yon fyète pou komin lan nan gwo nivo sa !

Eske nou ta renmen yo toujou ap pale de Akayè zòn wouj ?

Si ou pa vle sa ou bezwen:

Chanje mantalite ! Chanje mantalite ! Chanje mantalite !

 

Chrisnette Saint Georges

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.