SOCIÉTÉ

Ayiti/Dlo kontamine: Anpil fanm ak tifi gen enfeksyon nan bouboun

Nan lane 2010, Asanble Jeneral Nasyonzini te rekonèt dwa moun nan zafè dlo ak sanitasyon. Malgre sa, toujou manke bon jan sèvis sanitasyon. Mete sou sa, pwoblèm lijyèn ak dlo ki kontamine lakòz gen anpil gwo maladi. Nan peyi Dayiti gen anpil pwoblèm pou jwenn aksè ak dlo. Enfrastrikti yo pòv epi manke resous leta yo. Mete sou sa dlo yo polye. Anpil nan sous nou yo kontamine ak poupou ak ajan patojèn.

“Dlo ki nan kèk tiyo nan peyi Dayiti se konpayi asirans maladi enfeksyon”. Se deklarasyon kèk moun ki abite nan zòn Wout Frè ak kèk lòt zòn nan peyi a. Thamar k ap viv Wout Frè esplike li jwenn anpil difikilte lè dlo a vini. “Se vre se pa chak jou li vini men lè l vini nou jwenn kras ak fatra ladanl. Mwen te panse li te byen trete men lè nou benyen avè l epi nou fè twalèt nou se enfeksyon li ba nou. Nou twa jenn fi ki nan kay la se kay jinekològ n ap mache pou enfeksyon”. Se konsa Thamar te pale ak yon Repòtè Impulse Web Medias.

Se menm jan an tou pou Katie ki rete nan zòn Boudon. Plizyè lòt jèn fi ki rete nan lòt zòn ap rankontre menm pwoblèm sa yo. Pwoblèm sa yo ki frape jenn fi nou yo nan peyi Dayiti yo grav anpil.

Kategori maladi sa yo se dlo ki bay yo: dyare, kolera, disantri, lafyèv tifoyid, epatit enfektye, elatriye. Ki mezi ki ta dwe pran ? Youn nan bagay ki ta dwe fèt, se amelyore kalite dlo yo.

Anpeche moun itilize dlo ki soti nan sous san pwoteksyon. Otorite ki la pou jere zafè dlo nan peyi a ta dwe panche sou sa. Sa kapab pèmèt yo ede popilasyon ayisyèn nan espesyalman jenn ti fi nou yo. Sa t ap fasilite yo gen aksè ak bon kalite dlo.

Dapre jinekològ Doktè Jean-Marc Bohbot ak Rica Etienne, dlo trete ak eleman chimik sa yo ka detwi flò nan bouboun fi yo. Li pa rekòmande pou itilize dlo trete pandan w ap lave bouboun ou .

Mezi prevantif

Evite enfeksyon ledven nan bouboun kòmanse ak mezi lijyèn apwopriye.

Dlo cho, savon trè grav ak netwayaj dou yo mande yo.

Yon sèl netwayaj chak jou sifi.

Netwayan espesyalman pou pati jenital epi ki gen yon pH ajiste yo disponib nan famasi.

Men kèk konsèy pou diminye risk enfeksyon nan bouboun apre ou fin naje oubyen benyen : 

-Siye pati jenital la byen avèk yon sèvyèt pwòp, men pa fwote l twòp.

-Pa mete chòtdeben mouye sou ou pou twò lontan.

-Chanje imedyatman apre ou fin naje epi mete yon kilòt pwòp, sèk.

-Evite ekspoze nan chalè ak imidite pou lontan. Gade kote ki pi fre, pi sèk.

-Pa sèvi ak pwodwi nesesè tankou savon douch ak poud nan pati jenital nou. Yo pa gen okenn avantaj nan yon pèspektiv prevansyon. Okontrè, yo ka kontribye nan move balans nan flò bouboun fi.

Konsèy sa valab pou moun k ap benyen nan lanmè ak nan pisin sitou nan moman li fè anpil chalè.

Yon lòt ti konsèy : Pou plis enfòmasyon sou enfeksyon nan bouboun ak tretman yo, pale ak jinekològ nou.

 

Moïse Charles

Manadjè dlo ak politisyen.

Espesyalis nan lwa dlo

Imèl : Charlesmoise722@gmail.com

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.