SOCIÉTÉ

Ayiti/Rate gaz: Kilti bisiklèt retounen nan Yogann

Pami Vil nan peyi Dayiti ki te konn pratike bisiklèt, Yogann se te youn ladan yo douvan Okay, Gonayiv ak Pòdpè. Pandan rate gaz la, machin ak motosiklèt prèske paka sikile. Poutèt sa, moun nan vil Yogann repran bisiklèt yo ak anpil lajwa ak kontantman. Se kòmsi se yon viktwa pou moun Yogann lè yo wè pratik bisiklèt britsoukou vinn repran valè li.

Pandan tan sa, direktè Klèb Siklis Leyogan nan, Jonas Ronald ak responsab òganizasyon Yogann ap Pedale yo ( YAP) toujou ap fè pwomosyon pou kilti bisiklèt la retounen nan lakou Yogann. Sa gen kèk lane depi y ap fè travay sa . Jounen jodi a travay yo a kòmanse pote fwi. Nou kapab di, pi fò kay nan Yogann te gentan gen yon bisiklèt ladann. Se sa ki ta pral pèmèt pandan pwoblèm gaz nan peyi a anpil jenn nan Yogann te jwenn mwayen pou yo te vake ak okipasyon yo.

Lòt bagay ki atire atansyon nou nan IWM, se metye garaj bisiklèt la ki reprann vi byen vit nan lakou Yogann. Repòtè nou konstate chak kote w pase ou jwenn moun k ap ranje bisiklèt tankou nan tan lontan. Antouka yo te toujou di l listwa se yon pèpetyèl rekòmansman.

Nan lokazyon kloti mwa kreyòl la, Impulse Web Medias (IWM) ap pwofite di tout moun pa janm jete chodyè ize pou chodyè nèf. Sa k ta di nou jounen jodi a bisiklèt ta pral leve tèt li byen wo douvan motosiklèt.

 

 

Ulysse Jean Chenet

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.