Ayiti-Anviwonman : COP-26 la rive, kisa Ayiti pral fè ?
Mwen pa bezwen ekri anpil bagay pou nou konnen kijan eta anviwonman nou ye pa bò isit , nou tèlman mal nan klasman peyi ki nan karayib la pou keksyon peyi ki poko pare pou fè fas ak chanjman klimatik nou nan tèt lis la.
Nou se youn nan peyi ki pi mal nan mond lan nan domèn anviwonmantal.
Apre COP-3 ki te fèt nan peyi Tokyo nan lane 1997 gen yon seri COP ki te òganize ankò jiskaske nou te rive nan COP-21 ki te fèt nan vil Paris nan lane 2015 , se youn nan pi gwo COP ki te òganize sou latè kote peyi ki te patisipe yo te soti ak yon kontra pou yo redui kantite gaz kap emèt nan lanati jiska 2 degre selsiyis.
Poukisa COP sa yo fèt ?
Anviwonman nou kap degrade , « gaz à effet de serre » kap sikile chak ane ki frajilize anviwonman nou, sante moun, bèt yo, resous natirèl yo elatriye, se ansanm rezon sa yo ki fè Konferans Pati sa yo fèt.
Nou a kèlke jou pou COP-26 Glasgow nan vil Ecosse la rive. Ki objektik COP sa a ap genyen ? Kiyès ki pral patisipe ? Kiyès ki dwe patisipe ?
Fòk nou konnen COP-26 la te dwe fèt depi ane pase akoz maladi Kowonaviris la li pat ka fèt, finalman se jodi 30 oktòb sa a lap kòmanse, lap dire 2 semèn .
Ki objektik COP sa a ap genyen ?
« COP » sa a gen yon sèl objektif : finalize règ yo nan akò Pari a, ak pase de pwomès yo nan poze aksyon pou atenn objektik la kise netralize kantite kabòn kap emèt nan nivo 1.5 ° C anvan fen syèk la.
Kiyès kap patisipe ?
Nan premye tan se leta peyi yo ofisyèlman dwe patisipe sitou peyi ki te siyen kontra Paris a. Genyen tou Sosyete sivil la ki ka patisipe tankou militan okolojis yo, òganizasyon kap travay nan domèn anviwonman ak chanjman klimatik tou, Jounalis , se ansanm moun sa yo ki ta dwe patisipe.
Pou anpil moun avize nan opinyon piblik la ki enterese ak domèn anviwonman COP sa tap yon reyisit si tout sektè sa yo patisipe yon fason pou plis lide kapab soti pou nou sove planèt la fas ak danje chanjman klimatik sa yo.
Kiyes ki pral patisipe pou Haïti ?
Leta se premye ògan ki pral patisipe.
Eske gen sosyete sivil ? Eske gen jounalis ak òganizasyon kap travay nan sektè a ? Se ansanm repons sa yo nou ta renmen jwenn.
Anpil pwomès ap fèt depi anvan COP-26 sa rive . Lajan ki pral bay peyi ki pi pòv yo ki pa vreman gen mwayen pou fè fas ak pwoblèm klimatik ak anviwonmantal yo.
Nan yon lòt atik na pale plis sou aksyon ki ta dwe poze epi kisa ki dwe fèt sitou pou nou menm nan peyi Dayiti.
Pwoblèm klimatik mond lan ap fè fas jounen jodia pi grav pase gè ki te konn fèt nan 20e syèk la. Dega yon katastwòf natirel ka fè plis pase milyon moun mouri. Se moman ou jamè pou nou patisipe nan sove lavi moun sitou si nap gade sitiyasyon pa nou pa bò isit.
Ann mete sou kote tout pil bèl diskou ap pwomès men pito ann poze bonjan aksyon pou n sove planèt la.
Moyiz Charles
Manadjè dlo ak politisyen.
Espesyalis nan lwa dlo
Imèl : Charlesmoise722@gmail.com