ACTUALITÉS

Ayiti-Nofraj: Temwayaj Marie Lucienne Colas, yon sivivan nofraj bato Eklezyas la

Marie Lucienne Colas , youn nan moun ki te soti vivan nan nofraj bato Eklezyas ki fèt granm bonè samdi 30 oktòb la nan mitan lanmè Ansapit ak Marigo.

Marie Lucienne ki tap rakonte evènman nan mikro jounalis di :

” Se depi lè bato Eklezyas la ap demare li menm ak mari li mande kaptèn bato a pou retire enpe chaj nan bato a yo wè ki twò chaje.

Reyèlman kaptenn bato a te gentan kòmanse retire anpe chaj. Kote li te gentan retire 6 gwo sak pwa. Men madan Sarah yo pat dakò pou jete chay yo, paske yo fè konnen se pou lajan yo achte machandiz yo. Men se plis lajan ki enterese yo tou piske otorite yo genyen kontwòl sou chajman bato yo. Yo toujou pwofite chaje bato yo nenpòt kijan.

Se konsa bato Eklezyas ta pral demare nan pò ansapit pou al Marigo.

Se lè bato a ta pral rive nan fon lamè a. Marie Lucienne Colas nan yon ti somèy li wè se yon ti bebe li genyen ki gen yon emoraji kap vomi san. Lè li rakonte mari l rèv la, san pèdi tan mari an rele Kaptenn bato Eklezyas pou l di l bato a pral gen difikilte fòk yo pran yon desizyon jete enpe chay nan lanmè a.

Se konsa kaptenn bato a mande koekipye li yo pou yo kòmanse jete anpe chay.

Men machann yo ki se mèt machandiz yo pat dakò.

Se apre yon moman an lè yo tout bon vre bato a komanse ap pran dlo yo kòmanse jete anpe chay nan lanmè a.

Se pandan yap jete chay nan yon bò bato a epi bato a chavire nan mitan lanmè a.

Kote anpil moun mouri, men te gen prèske 25 moun ki sòti vivan ki te rive atè, gen ladan yo ki te al pran swen lopital. Te gen nan mò yo ki te rive chwe atè , se konsa yo te jwenn 8 kadav kite chwe atè a. Te gen 5 ki te sou lanmè. Epi te gen nan moun ki te al lopital ki te tou mouri “.

Men mari Marie Lucienne lan kite abò bato a deklare daprè limenm ta dwe gen preske 200 moun ki mouri. Malgre otorite konsènen yo poko ka bay yon bilan definitif sou kantite moun ki mouri vre. Kòm se yon temwen ki fè deklarasyon an nou bay chif la sou tout rezèv an atandan rapò otorite SEMANAH yo ak Pwoteksyon Sivil yo.

Pou n fini Marie Lucienne di se twòp chay bato a te pote. Epi mari a di bato Eklezyas la te pote 450 sak siman, 150 dwoum gaz, plizyè sak pwa ak diri ak anpil lòt machandiz. Mete sou sa li te pote plis pase 250 moun.

Poutan menm yon jilè sovtaj yo pat gen abò a epi pat gen okenn otorite kite te fè verifikasyon nan bato a anvan li te pran lammè a.

Leta konplis, kaptenn konplis epi pasaje yo pat pridan tou. Malerezman sekouris ki konn al ede moun yo pat kapab rive sou plas akoz kriz gaz la.

Daprè yon sous nou fè konfyans, fè nou konnen bato Eklezyas se yon bato ki te pran dife deja men yo te repare l. Sa vle di bato a malgre li te chaje depase men li pat nan bon eta.

 

 

Ulysse Jean Chenet

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.