ACTUALITÉS

Ayiti-Ensekirite: Yon moun mouri, 3 lòt blese nan yon tantativ kidnapin nan kolèj Sen Lwi Boudon

Li te nan anviwon 2zè aprèmidi lè nèg ak zam moun pa rive idantifye louvri kout zam sou paran ak elèv ki te sou lakou kolèj Sen Lwi Boudon (Saint Louis de Bourdon) jounen samdi 30 oktòb 2021 an.

Bilan, yon ajan sekirite ki tap anpeche yon tantativ kidnapin fèt sou yon paran rive pran bal epi mouri lapoula. Genyen twa (3) lòt moun ki rive blese pami yo yon elèv ki nan klas segond, yo te rive transpòte yo an ijans lopital pou pran swen ka yo nesesite.

Daprè enfòmasyon redaksyon Impulse Web Medias rive jwenn, lekòl la te louvri jou samdi sila pou te kapab ratrape jou elèv yo te pèdi pandan plizyè jounen grèv ak pwoblèm gaz la peyi a ap konnen depi kèk jou.

 

Emmanuel NOËL

Imaj amatè sou whatsapp

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.