ACTUALITÉS

Jakmèl-Nofraj : Bato Eclesias koule byen bonè jodi samdi 30 oktòb la

Yon bato ki soti Ansapit koule nan nivo Marigo byen bonè samdi 30 oktòb 2021 an lakoz anpil moun mouri. Anpil lòt moun nan gwo difikilte nan fon lanmè a.

Akoz pwoblèm gaz peyi a ap konnen depi kèk mwa, sovtè SEMANAH yo paka rive sou plas pou sove sivivan ki nan fon lanmè a.

Rive kontakte kapitèn bato a sou kantite pasaje ki te genyen nan bato a, li fè konnen bato a te tèlman chaje ak machandiz, matryo konstriksyon ak anpil moun li paka di kantite li te pote.

Impulse Web Medias lanse yon apèl bay otorite ayisyen yo, responsab pwoteksyon sivil, SEMANAH ak lamarin ayisyèn pou kouri vin pote moun ki nan difikilte nan fon lanmè nan Marigo yo sekou.

 

Ulysse Jean Chenet

Imaj Google pou ilistre tèks la

 

 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.