Culture

Ayiti- Sosyete : Kout je Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè sou lang kreyòl la

Nan okazyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl ki selebre chak 28 oktòb, komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè pa rete endiferan pou reflechi sou lang ak kilti kreyòl ayisyen an. Nan lide pou sansibilize tout kouch nan sosyete a alawonn badè, Komisyon an montre a klè enpòtans lang matènèl la genyen nan yon nivo san parèy.

Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak lapè a Nan yon nòt pou laprès li mete deyò pa te rate okazyon an poul bay jarèt ak lang manman n ak papa n, nan gran jou sa ki make la kontantman pou lang konba nou an. Nan nòt sila, komisyon an pwofite bay kèk enfòmayon epi fè kèk konsta sou lang zansèt nou yo ki dwe yon prensipal zouti kominikasyon ki dwe blayi sitou nan tout enstitisyon leta yo nan peyi a.

Lang kreyòl la, daprè rapèl CE-JILAP se yon zam zansèt nou yo te itilize ki te pèmèt yo goumen kont pwisans enperyalis yo ki fè nou endepandan jodi a. Yon lòt kote li fè sonje se yon zouti poun reflechi sou tout pwoblèm peyi a alawonn badè. Komisyon an ale pi lwen poul denonse premye plas yo bay lang fransè a sou lang kreyòl la, ki se 2 lang ofisyèl nasyon an.

Komisyon an poze anpil pwoblèm sou lang lan yo fin mete sou kote :

– Kisa ki eksplike, a lè kile, tout tèks leta yo pa ekri an kreyòl?

– Poukisa ministè Levasyon Nasyonal pa mete an kreyòl tout manyèl aprantisaj yo?

– Eske lang kreyòl la antre nan pwogram ministè kilti pou bay jarèt?

– Eske bidjè leta prevwa pou akademi lang kreyòl la reponn?

San pran souf, komisyon an pa ekate gwo pwogrè ki fèt nan lang lan, men ki pa ase pou l okipe plas li kòm lang matènèl ak ofisyèl. Pou fini, komisyon an fè apèl ak tout sektè nasyon an, mobilize pou bay lang ak kilti kreyòl la jarèt.

Nap fè sonje, lang kreyòl la selebre jounen entènasyonal li apati jou ki te 28 oktòb 1983 nan tout peyi ak kominote ki pale kreyòl. Pami tout peyi ki pale kreyòl nou jwenn : Ayiti, Guadeloupe, Guyane, Martinique, Sainte-Lucie, Saint Vincent-et-les-Grenadines, Grenade, Saint Thomas, Trinidad, Trinité-et-Tobago. Genyen plis pase 10 milyon moun ki pale kreyòl sou planèt la.

Pou lane 2021 an, nan peyi Dayiti Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) selebre l anban tèm: « Lang kreyòl tout kote, san fòs kote ».

 

Johnson JEAN-BAPTISTE 

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.