ACTUALITÉS

Fotojounalis Wesly Gédéon mouri nan yon aksidan sikilasyon

Fotojounalis Wesly Gédéon mouri nan yon aksidan sikilasyon. Ensidan sa rive sou mòn Nazon nan lannwit vandredi 22 oktòb la a vè 11 zè. Se papa viktim nan ki konfime enfòmasyon an pou redaksyon Impulse Web Medias. Odigé Gédéon presize polisye Kafou Ayewopò ki te rive sou plas aprè aksidan an te depoze kadav la nan mòg Pax Univers.

Selon enfòmasyon Redaksyon IWM genyen, paran Wesley jwenn moto li nan sou komisarya Kafou Ayopò. Depi vandredi swa li te sòti, li pa t janm antre. Se jodi a paran li resi konnen se nan aksidan li mouri. Viktim nan te gen 33 lane. Pou kounye a fanmi li sou wout pou al vizite l nan mòg la ak yon jij depè.

Administrasyon Impulse Web Medias prezante senpati li bay tout fanmi viktim nan ak tout lòt moun lanmò sa touche.

Partagez ceci

Esaüe JOACHIM

Je suis Esaüe JOACHIM, un passionné de l’information. Hormis mes formations en journalisme, J’ai une solide formation en matière d’administration électorale ainsi que sur le renforcement de la crédibilité et de l’acceptation des processus électoraux.