ACTUALITÉS

Kolaboratè nou fotojounalis Wesly Gédéon disparèt depi vandredi nan aswè

Fotojounalis Wesley Gédéon sòti lakay li depi vandredi nan aswè li poko janm rantre rejwenn fanmi li. Enfòmasyon nou rive jwenn bò kote pwòch kolaboratè li nan BAI ( Biwo Avoka Entènasyonal yo), Welsy te rantre sot travay aprè sa li sòti. Pou jis moman nap ekri tèks sa, fanmil ak zanmi l pa janm ka jwenn li sou telefòn li.

Papa li fè konnen yo chèche nan komisarya, lopital ak mòg yo poko janm rive jwenn tras li si l vivan si l mouri. Gédéon genyen 33 lane, li poko genyen ni madanm ni pitit. Li pa genyen okenn abitid dòmi nan lòt kay pou l pa rantre lakay li daprè sa papa li fè redaksyon Impulse Web Medias konnen.

Nap fè sonje Wesley Gédéon se yon pwòch kolaboratè Impulse Web Medias ki asosye ak staf administrasyon an depi anviwon yon lane.

Kòporasyon an, paran l ak tout zanmi li swete jwenn li sen san yon branch cheve nan tèt li pa rache.

 

 

 

Partagez ceci

Lovelie Stanley NUMA

Lovelie Stanley NUMA, Journaliste Écologique et PDG Impulse WebMedias. Coordonnatrice Générale de l'association dénommée "Collectif des Journalistes Haïtiens Engagés pour l'Environnement (CoJHEE). La voix des sans-voix. Le journalisme utile c'est ma passion. Je travaille également pour des médias internationaux.